Sondaj Eleksyon

Pou yon dezyèm fwa, asosyasyon Ayiti Nou Vle A òganize yon sondaj fen ane pou pèmèt evalye opinyon piblik la sou sijè ki ap fè aktyalite nouvo ane a. Sondaj sa fèt pou founi analis politik bon jan done e pou ede asosyasyon an deside ki wout pou l pran. 

Ane 2021 an se ane eleksyon. Eleksyon lejistlativ ak eleksyon prezidansyèl. Se lane tou, dapre desizyon administrasyon anplas la, referandòm pou yon nouvo konstitisyon. Kesyon sondaj la te pote sou sijè sa yo. Sondaj sa te fèt soti 1e rive 28 desanm 2020.



Sòti 1e desanm rive 28 desanm 2020, Ayiti Nou Vle A òganize yon sondaj pa telefòn sou yon popilasyon mil senkantui moun segmante pa sèks, laj, depatman jeyografik ak kote yo abite. Sondaj sa se dezyèm sondaj Ayiti Nou Vle A, nan de lane. Li enstale l nan kad jefò asosyasyon an ap fè pou fasilite deba nan espas piblik ki baze sou lasyans, bon done, ak bon konprann. Rezilta sondaj 2020 an pa depaman ak rezilta lane 2019 yo sou omwen twa kesyon. Majorite a kontinye pa fè prezidan an konfyans - li menm pèdi 5% parapòta lane anvan an; majorite a kontinye pa fè klas politik la konfyans; majorite a kontinye kwè nan nesesite patisipasyon sitwayen nan politik peyi a. Sou kesyon espesifik ane sa sou òganizasyon referandòm konstitisyonèl ak eleksyon, rezilta yo montre yon popilasyon ki vle egzèse dwa li pou l vote men ki pa fè KEP a konfyans pou l fè sa.

Pou fasilite konpreyansyon ak itilizasyon sondaj sa, ANVA mete a dispozisyon yon dosye pou laprès ak yon rapò ki genyen ladann:

  • Rezime global 
  • Prezantasyon Bawomèt ANVA
  • Metodoloji
  • Operasyonalizasyon
  • Rezilta sondaj la
  • Konklizyon

Nou ka telechaje rapò sa nan fòma prefere n la: Rapò Sondaj Eleksyon - ANVA 2020

Tablo done yo disponib sou fòma CSV la: Done Sondaj Eleksyon - ANVA 2020

Gen yon nòt pou laprès ki rezime rezilta yo nan: https://www.ayitinouvlea.org/n11012021

Nou ka telechaje afich ak videyo ki rezime rezilta yo la: Dosye miltimedya


Rezime global

Sou  nouvo konstitisyon an

86% moun ki patisipe nan sondaj la dakò pou peyi a gen yon nouvo konstitisyon. Se pa yon rezilta ki siprann paske depi kèk lane gen yon konsansis ki sanble fòme sou kesyon sa, men kòm konsansis nan medya pa toujou konsansis nan popilasyon an, li bon pou genyen konfimasyon sa. 

Alepòk sondaj la te kòmanse, nou potko gen anpil enfòmasyon sou kontni nouvo konstitisyon sa; kidonk nou pa t poze kesyon espesifik sou sa ki anndan l. Nou te pito enterese n pou n konnen si popilasyon an te pare pou patisipe nan referandòm lan. Repons lan se wi men yo pa fè Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a konfyans pou òganize eleksyon sa yo.

Pou kesyon, èske yo fè KEP a konfyans pou òganize referandòm lan, 59% patisipan yo di non; menmsi 60% nan yo dakò patisipe nan referandòm lan.

Sou eleksyon yo

60% moun ki patisipe nan sondaj la di yo pral vote; yon rezilta ki mande refleksyon sitou lè nou gade nivo abstansyon ki te genyen nan eleksyon 10 lane anvan yo, dotanplis 59% pa fè KEP a konfyans pou òganize eleksyon yo. 

Genyen anpil rezon ki ta ka eksplike diferans sa. Youn nan premye rezon ki vini nan lespri se vyolans politik ki souvan akonpaye eleksyon yo e ki lakòz anpil moun pè al vote jou eleksyon. Men si, rezon sa fè sans nan zòn iben yo, li mwens evidan nan zòn riral yo. Poutan, nan sondaj la, pa gen gwo diferans sou kesyon sa ant zòn iben ak zòn riral. Genyen tou posibilite difikilte lojistik pou moun al vote, ki ka lye ak disponibilite kat NINU yo ansanm ak aksesibilite biwo vòt yo; de kesyon Ayiti Nou Vle A prevwa siveye de prè pandan lane k ap vini an, nan kad pwogram Mobilize a (www.mobilize.ht). 

Ipotèz prensipal Ayiti Nou Vle A, nivo pousantaj sa se ta rezilta yon konbinezon ant nivo angajman sitwayen nan lane 2018 epi nivo vyolans politik ki te suiv li a. Ipotèz sa enstale l nan kontinuite sondaj fen lane 2019 la ki te sanble siyale yon renouvèlman angajman sitwayen ak 87% moun ki t ap mande yon gwo woumble nasyonal, 93% ki rejte vyolans politik, 68% ki te vle tann manda prezidan an fini epi 65% ki te gen konfyans nan lavni peyi a. Ipotèz sa pran ankont tou, kantite moun (75%) ki di prè pou jwe wòl obsèvatè elektoral pou asire kredibilite vòt la nan zòn yo. 

Sou òf politik la

Konfyans nan Prezidan an bese lejèman, soti 45% an 2019, tonbe 40% an 2020. Nan menm lojik la, 58% nan moun ki patisipe nan sondaj la pa wè moun nan politik aktyèlman yo t ap vote pou yo. An reyalite, 59% moun yo swete wè nouvo kandida parèt alòske se sèlman 20% ki pou reyeleksyon yon kandida PHTK kont 21% ki ta prefere yon kandida opozisyon an. 

An gwo, moun yo pa fè klas politik ki la a konfyans, yo pa fè KEP a konfyans, men yo vle ale nan eleksyon e yo vle nouvo moun pou yo vote. Pou Ayiti Nou Vle A, sa vle di nou bezwen ankouraje plis moun leve al vote men tou nou bezwen ankouraje epi ede plis moun, ki pa abitye nan politik, poze kandidati yo, chanje òf politik la.

Sou Ayiti Nou Vle A 

Dènye kesyon ankèt la, se te pou evalye travay asosyasyon an pral gen pou l fè pou asire l plan global sou 30 lane a rive jwenn yon maksimòm moun nan popilasyon an. Nou p ap diskite rezilta yo nan dokiman sa men pou moun ki enterese, tout done yo disponib nan dosye près la.


Bawomèt ANVA

Bawomèt ANVA se yon laboratwa done sou opinyon, demografi, ak lòt tip rechèch nan syans sosya. Li la pou chèche done objektif, ki pa nan patizan, pou enfòme piblik la sou kesyon, atitid ak tandans ki defini sosyete n ap viv ladann nan. Li sitou mennen ankèt opinyon, rechèch ou demografi ak lòt tip rechèch nan syans sosyal. Done sa yo ka itil apre pou enfòme pwopozisyon politik Laboratwa Lide ANVA a.

Nan peyi nou an, chak moun ka di sa yo pi pito. Lè gen kriz nan peyi a, pa gen enstiti sondaj ki pou fè nou konnen sa pi fò moun nan peyi a panse sou kriz la, sou aktè kriz la. Si li enpòtan lè gen kriz konnen sa nou chak panse, konnen sa moun yo panse de anje pou avni peyi a, ak chwa politik ekonomik, sosyal, gen tout enpòtans pa l tou.

Misyon

Kreye yon baz lasyans, bon done ak bon konprann pou anrichi dyalòg, deba k ap fèt nan espas piblik, pou fasilite desizyon ki pran ak jèvrin, ki favorize inovasyon. Se pou sa nou ensiste sou endepandans, objektivite, egzaktitid, rigè ak tranparans.

Rechèch

Etidye politik ak politik piblik an Ayiti, jounalis ak medya, syans ak teknoloji, relijyon ak kwayans, atitid ak tandans nan popilasyon an, menm jan ak demografi l.

Metòd

Itlize estanda metodoloji ki pi elve, an adekwasyon ak sijè ak zòn n ap etidye a.

Ekip

Ekspè ki konbine kapasite jounalistik pou rakonte istwa ak rigè analtiki syantifik sosyal yo. Ekspè nan diferan syans sosyal (politik, ekonomi, relasyon entènasyonal, elt.).

Finans

Sondaj fen lane yo enskri dezomè nan fonksyònman anyèl asoyasyon an. Dèke l posib, se fon fisidysè n ap mete sou pye pou finanse Laboratwa Lide a k ap anchaj finanse sondaj pou Bawomèt la.


Metodoloji

Yon sondaj opinyon se yon ankèt sou opinyon piblik la sou baz yon echantiyon espesifik. Wòl li se pèmèt prezante opinyon yon popilasyon nan poze yon seri kesyon epi ekstrapole a pati de yo pou trabli konklizyon jeneral nan yon entèval konfyans presi. Yon sondaj referans se pèmèt verifye ki kote yon òganizasyon ye parapòta piblik li vize anvan li lanse yon kanpay, fè yon pwopozisyon, prezante yon pwodui. Sa pèmèt tou wè fòs ak feblès, epi bay yon lide sou ki mesaj, ki lide ki plis an akò ak sa popilasyon an panse. Sondaj sa tou de.

Chwa zouti

Nou kenbe menm zouti ak sondaj fen ane 2019 la: apèl telefonik o aza. Nou kenbe tou menm founisè a, Trend Media (Digicel) pou lis telefonik lan plis apèl yo.

Chwa estratifikasyon

Pou nou ka garanti reprezantativite echantiyon an, nou pati sou dènye done Institut Haïtien de Statistiques et d’Informatique (IHSI) pou estatitik demografik ak sosyal popilasyon an; sa ki vle di, done sou laj, sèks, kote moun abite (riral/iben) ak depatman yo viv ladann nan. Done sa yo nou ekstrapole yo pou tabli yon echantiyon estratifye, yon fason pou redui erè echantiyonaj epi asire n tout kategori popilasyon ki nan done IHSI yo enkli nan sondaj la.

Dapre kalkil entèval fliktiyasyon an, yon ankèt sou 1030 moun chwazi o aza gen 95% chans pou l bay yon rezilta kòrèk a ±3 %. Estratifikasyon an pèmèt nou pi presi nan moun n ap kesyone yo, sa ki vle di, si estatistik IHSI yo bon, nou ta bezwen 545 moun (n=t² × p × (1-p)/m²) pou menm rezilta a. Ak 1030 moun, maj derè a desann a ±2 %, sa ki pa jistifye depans ak tan an plis la. Si done IHSI yo verifye, pwochen sondaj Bawomèt la yo ap gen mwens repondan. Sòf nan ka ki mande anpil presizyon, y ap fèt ak 200 moun, pou yon entèval konfyans 95%, ak yon maj erè 5%.

Chwa Trend Media

Dapre rapò Paul Budde Communication Pty Ltd sou Telekominikasyon an Ayiti (Mas 2019), nan lane 2018, gen 57.53 abònman telefòn selilè pou chak 100 moun an Ayiti (sa ki fè 6,354,016 abònman an tou), avèk 73.59% nan men Digicel. Menm rapò sa tabli majorite moun ki gen telefòn Natcom gen 2 telefòn, yon Natcom, yon Digicel, kidonk erè estatistik an rapò ak itilizasyon Digicel sèlman ta dwe neglijab. Pou 2020 an, done yo pa yo chanje, menm gen yon antisipasyon ogmantasyon abone Digicel yo ak lansman pwogram tranfòmasyon Digiciel 2030 lan.

Sondaj la fèt sou repondan ki gen telefòn Digicel (5 milyon moun) men sa pa vle di se sèl telefòn konpayi sa a moun sa yo genyen. Kliyan kap itilize telefòn konpayi sila pi plis lontan pami itilizatè telefòn pòtab an Ayiti (7 moun sou 10). Sa vle di chwazi echantiyon an nan mitan moun sa yo pa reprezante yon gwo danje pou analiz la an tèm de erè dapresyasyon. Pou fini, nou chwazi yon echantiyon ki gran tou (1030 moun) pou minimize o maksimòm risk pou rezilta nou yo pase a kote verite yo.

Digicel gen yon filyal pou fè rechèch sou mache a ki rele Trend Media, se ak li nou sèvi pou operasyonalizasyon sondaj la.


Rezilta

 

Analiz repons yo

Diferans ant konsansis nan medya ak konsansis reyèl

Nan yon kontèks kote vyolans politik ak pratik otoritè ap ogmante, rezilta sondaj sa mete an evidans eka ki egziste ant opinyon piblik la ak opinyon aktè politik ak medya yo. Nan fen lane 2020 an - e menm nan kòmansman lane 2021 an - nou jwenn anpil analiz - nan laprès isit e menm kèk jounalis etranje - sou yon “konsansis” ki ta egziste nan peyi a pou tranzisyon. Sa fè dezyèm lane suivi suivi, rezilta sondaj fen lane nou yo ale nan lòt sans lan.

Selon sondaj la, majorite Ayisyen yo vle patisipe nan eleksyon - menmsi yo deja prevwa iregilarite - sa ki depaman ak pwosesis tranzisyon politik fòse yon valè aktè opozisyon an ap pwopoze pou 7 fevriye 2021 an; sa ki depaman tou ak atitid inilateral administrasyon ki nan pouvwa adopte a. Menmsi popilasyon an pa fè Prezidan Jovenel Moïse konfyans, altènativ la se nan yon pwosesis elektoral yo wè l malgre yo pa fye KEP a. Menmjan an tou, yo pare pou vote pou yon nouvo konstitisyon. E kòm yo pa fè ni gouvènman, ni KEP konfyans, twa ka moun ki patisipe nan sondaj la pare pou jwe wòl obsèvatè elektoral pou garanti eleksyon yo byen pase. 

Enpòtans eleksyon pou develòpman

Sondaj la montre atachman pèp ayisyen an ak prensip demokratik yo. Li montre aklè elektè yo vle egzèse dwa souvren yo pou yo vote epi patisipe nan pwosesis elektoral la. Se menmjan tou, sou kesyon referandòm lan, yo vle bay opinyon yo.

Rezilta sa yo enpòtan paske, malgre majinalizasyon pèp ayisyen nan pwosesis desizyonèl aktè politik yo, pèp ayisyen an deside pou fè tande vwa li, pare l pou l bay klas politik sa yon katon wouj epi akeyi nouvo moun ak nouvo lide pou devlope peyi a.

Se 73% popilasyon an ki konvenki patisipe nan eleksyon ka chanje lavi moun; pandan 67% dakò patisipasyon nan politik lokal ka ede pwojè devlòpman sa ateri. Rezilta sa yo panche pou yon konstitisyon ki mete plis anfaz sou demokrasi patisipativ ak desantralizasyon, yon konklizyon komisyon k ap travay sou konstitisyon an ansanm ak sosyete sivil la dwe panche .

Diferans ant moun ki rete lavil ak moun ki rete nan seksyon kominal

Ane sa ankò, nou konstate, sou kesyon nou poze yo, pa gen gwo diferans (oubyen diferans yo twò fèb pou n detekte yo) ant moun ki rete lavil ak moun ki rete nan seksyon kominal. Si n fòse (diferans lan pa siyifikativ), nou ka petèt di moun nan seksyon kominal yo yon tikras pi demokrat pase moun lavil.

 

Moun nan seksyon kominal

Moun Lavil

eske w panse eleksyon enpòtan pou amelyore kalite lavi w ?

Wi
74%

Wi
71.1%

Eske w fè KEP a konfyans pou òganize eleksyon yo?

Wi
42.4%

Wi

36.7%


Gason yo rejwenn fi yo nan jan yo wè bagay yo

Pou fen lane 2019 la, pi gwo diferans nou te konstate se te ant fi ak gason sou nivo konfyans yo fè Prezidan Jovenel Moïse; 62.2% fi te di yo pa fè Jovenel Moise konfyans pou dirije peyi a; alòske 58% gason yo di yo fè l konfyans (p<0,001).  Yon lane pita, medam yo kenbe konviksyon yo; mesye yo rejwenn yo, sa ki kontribiye nan bès to konfyans popilasyon an nan Prezidan an. 

 

Etalonaj, tandans ak konparezon

Se dezyèm sondaj bawomèt Ayiti Nou Vle A. Depandamman de finans nou, lòt sondaj ap syiv epi tou n ap mete anplas yon strateji reyechantiyonaj pou nou ka syiv evolisyon sitiyasyon politik nan peyi ak epitou valide rezilta Trend Media. 

 

Tretman done

Tès efè ant chif fi ak gason, moun lavil ak moun nan seksyon, te fèt ak tès endepandans 𝛘².

Done yo disponib nan fòm tablo nan lyen sa a: Sondaj aleyatwa stratifye ANVA - Report december 2020 


Konklizyon

An konklizyon,  sondaj ANVA a revele anvi popilasyon an pou l patisipe nan desizyon k ap pran pou peyi a. Sondaj la montre yon defisi reprezantasyon kay politisyen yo  - kit yo sou pouvwa, kit yo pa sou pouvwa - ki eksplike katon wouj popilasyon an pare pou ba yo a. Rezilta yo montre yon popilasyon ki vle al vote an mas men li raple n tou pousantaj patizan klas politik atyèl la enpòtan - 21% pou opozisyon, 20% PHKT - e si nou pa rive mobilize anpil moun pou ale vote tout bon, nou riske genyen menm sitiyasyon an kote moun ki soti nan eleksyon yo pa reprezante popilasyon an.


Pou plis enfòmasyon sou òganizasyon sou pwogram Ayiti Nou Vle A pwopoze pou reyisi fè yon maksimòm moun al vote, vizite: www.mobilize.ht.

Afiche 2 reyaksyon

Souple verifye imel ou pou yon lyen k ap pèmèt ou aktive kont ou.