Lide pou konstwi #AyitiNouVleA
Yon seri desizyon nou dwe pran pou nou reyalize ansanm rèv ayisyen an
ANVA, 14 fevriye 2019
Dokiman pou telechaje:
- Pwogram nan okonplè
- Yon rezime sou fòma PDF
- Yon rezime sou fòma JPEG
- Bonis: Nòt #AyitiNouVleA pou SenValenten 2019
Vèsyon nan diferan lang
Kontni
Viv nan diyite : Prezantasyon jeneral vizyon ki nan Gid #LideAnvanLidè a (11 novanm 2018) 3
Tenktenk (Think Tank) ANVA: $150 000 12
Yon kriz ki la depi kèk tan
Pandan peyi a lòk la, se nòmal pou nou tout ap chèche solisyonprese prese pou n sòti nan sitiyasyon nou ye a. Sèlman se toujou nan chèche solisyon prese prese ki fè malgre nou ranvèse diktati, nou pa janm rive retire pratik li nan mitan nou. Jan chante a te di l, “dechoukay la poko fini, andedan CNG a chaje makout”. Apre CNG, nou kontinye, menmman parèyman, ak menm moun yo, ak menm abitid yo tankou abitid foure men pran nan kès Leta san pa janm gen ankenn konsekans. Pandan tranntwa lane, nou pran lari, rele ABA dèyè 17 prezidan, 22 premye minis, san nou pa janm genyen ankenn rezilta.
Ak #PetroCaribeChallenge lan nou mande pwosè, nou mande redisyondkont, men sa nou ap mande toutbon se fini ak enpinite ki nan peyi a pou nou ka konstwi yon Ayiti kote Ayisyen.èn santi yo lakay yo; yon Ayiti tout Ayisyen.èn santi ki pou yo, #AyitiNouVleA.
Yon kriz se yon okazyon pou pran desizyon epi reflechi sou bon jan chanjman nou ka pote nan tout nivo nan sistèm nan. Desizyon sou sa pou nou kenbe. Desizyon sou sa pou nou jete. Desizyon sou sa ki INAKSEPTAB. Desizyon sou sa ki ENDISPANSAB ak desizyon sou sa ki IJAN.
Li inakseptab pou enpinite, medyokrite, koripsyon, ensekirite, diskriminasyon, lamizè sou tout fòm ap domine nan peyi a. Li endispansab pou lajistis tabli nan peyi a: jistis sosyal, bon gouvènans, enfrastrikti de baz, etadedwa. Li ijan pou nou kenbe mobilizasyon kont enpinite, inegalite sosyal ak koripsyon Leta ilejitim enpoze nou depi twò lontan.
Ki vle di, sa nou bezwen se yon nouvo sistèm politik kote chak grenn nan nou gen mo pa li pou lil di. Yon sistèm politik kote moun ki reprezante nou yo gen pou aplike yon plan nou defini ba yo, moso pa moso, ansanm. Yon sistèm politik kote chak sitwayen.èn ki vle ka patisipe nan defini politik peyi li, gras ak konsiltasyon anvan desizyon yo, ankèt pou evalye yon sitiyasyon, done jeyoreferanse pou ede nan fè dyagnostik ak jwenn solisyon, nan monte bidjè patisipatif pou tabli priyorite nou kòm pèp.
#AyitiNouVleA a ap posib ak sistèm politik sa a kote kontra nou gen ak Leta se nou ki deside l. Sistèm sa mache ak yon lis desizyon nou dwe pran kòm pèp epi kanpe dèyè desizyon sa yo, san brennen, kèlkeswa gwoup moun ki ta sou pouvwa.
Gen de twa bagay ki ta merite fèt touswit pou kalme sitiyasyon nou ladann jodi a:
- Elimine tout depans Leta ki pa bonjan nesesè epi kwape mank transparans nan fason lajan leta ap depanse.
- Reprann kontwòl zòn bandi ap kontwole depi kèk lane yo.
- Aji sou mache yo pou bese pri pwodui premye nesesite yo.
- Lanse pwosè Petrocaribe a epi mete byen tout moun ki enplike sou sele.
Men, kote bagay sa yo ap bay yon kalmi, se pa yo k ap geri maleng lan. Travay ki dwe fèt pou nou viv nan diyite a pi pwofon. Dokiman sa se pou envite nou fè sa ansanm.
Viv nan diyite : Prezantasyon jeneral vizyon ki nan Gid #LideAnvanLidè a (11 novanm 2018)
Aks entèvansyon |
Desizyon nou ta dwe pran |
Premye aks: Envesti nan moun |
|
I- Edikasyon bon kalite pou tout moun |
Yon nouvo sistèm lekòl ki 1) garanti kalite epi itilize metòd ak pwogram modèn ki sèvi ak lang kreyòl la kòm zouti prensipal. 2) asire anseyan yo metrize sijè ak mètod yo, valorize travay pwofesè yo 3) bay tout moun aksè pou lekòl oswa fòmasyon kèlkeswa laj oubyen zòn kote yo ye |
II- Manje lokal nan yon mache pwoteje |
Pèmèt chak Ayisyen manje chak jou, gras a 4) pwoteksyon epi devlòpman mache manje lokal la; 5) ogmantasyon pwodiktivite agrikòl peyi a; 6) valorizasyon ak entansifikasyon dirab pwodiksyon agrikòl pou fanmi yo ak aksyon kolektif peyizan. |
III- Lasante inivèsèl garanti |
Yon nouvo sistèm sante kote 7) yon kouvèti sante inivèsel egziste; 8) pwofesyonèl lasante kalifye ap disponib; 9) otorite Leta siveye tout kesyon sante espesyalman pwogram donatè yo. |
Dezyèm aks : Envesti nan kijan moun ap viv |
|
IV- Ekonomi ki kreye richès pou tout moun |
Mete an plas yon sistèm ekonomik ki 10) devlope ak divèsifye pwodiksyon nasyonal la pandan mache lakay la ap ranfòse; 11) favorize envestisman pwodiktif, transfè teknoloji, anplwa, kredi ak redistribisyon richès nan kad yon ekonomi sosyal solidè; 12) redui depandans ak asistana ekstèn kit sou fòm èd entènasyonal, ONG oubyen lajan dyaspora; |
V- Lakilti nan tout desizyon n ap pran |
Yon nouvo apwòch lakilti ki pèmèt 13) tabli idantite nou ak yon vizyon byen komen 14) ankadre epi valorize yon veritab ekonomi kreyatif. 15) rekonèt lakilti kòm yon fòs nan devlòpman peyi nou. |
VI- Travay ak yon bon sistèm pwoteksyon sosyal |
Yon ekosistèm anplwa/travay kote 16) kapasite prime sou moun pa 17) jèn yo entegre 18) dwa travayè, gason kou fanm, respekte |
Twazyèm aks : Envesti nan kote moun ap viv |
|
VII- Anviwòmnan ki pèmèt tout moun viv nan yon milye ki pa menase sante moun |
Yon pwogram enfrastrikti ki 19) pwoteje, konsève epi restore ekosistèm ak resous natirèl peyi a 20) modènize epi fasilite aksè pou sèvis de baz yo 21) pran aksyon ijan pou kontre konsekans chanjman klimatik ak dezas sou Ayiti |
VIII- Enèji dirab, modèn nan yon pri abòdab |
Chanjman enstitisyonèl pou 22) fasilite tout moun gen asksè ak enèji 23) kreye kondisyon pou favorize envestisman prive 24) ogmante efikasite ak dirabilite anviwònmantal nan itilizasyon enèji |
IX- Sekirite ki santre sou moun |
Chanjman konstitisyonèl pou 25) Pouvwa jidisyè a endepandan toutbon pou li lite kont enpinite 26) Lapolis gen tout libète nesesè pou l konbat epi prevni krim 27) Leta retounen anba kontwòl sitwayen.èn ki gen aksè ak enfòmasyon pou kontwole kijan Leta ap itilize resous peyi a |
Vizyon global
#AyitiNouVleA a, se yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa. Yon peyi kote tout moun jwenn lekòl, travay, manje, ak lasante. Yon peyi kote chak grenn Ayisyen, chak grenn Ayisyèn gen menm chans pou l reyalize rèv li. Yon peyi kote chèf respekte lalwa, enpinite kaba, tout viktim gen rekou, koripsyon pa gen plas li.
Nan #AyitiNouVleA, chak sitwayen, chak sitwayèn konnen se responsabilite li pou li fè Leta pran bon mezi pou pèmèt chak moun viv tankou moun nan lonè ak respè, san yo pa bezwen kolòn, san yo pa oblije konpwomèt tèt yo.
Nan #AyitiNouVleA, dwa tout moun respekte, kèlkelanswa laj yo, sèks yo, koulè po yo, relijyon yo, oryantasyon seksyèl yo, andikap yo, nivo etid yo oubyen nivo richès yo.
Nan #AyitiNouVleA, pa gen Repiblik Pòtoprens, pa gen andeyò, chak depatman, chak komin, chak zòn genyen sèvis de baz ki nesesè epi ki aksesib pou moun k ap viv ladann, konsa yo pa oblije deplase al chèche lavi lòt kote.
Nan #AyitiNouVleA, lasyans gen premye plas nan desizyon yo, konpetans prime sou zanmitay, lojik sou emosyon.
Nan #AyitiNouVleA, enstitisyon nou yo fò epi yo enklizif, pouvwa yo endepandan, moun yo angaje.
#AyitiNouVleA, se ansanm n ap konstwi l. Kit sa k ap viv nan seksyon kominal kit sa k ap viv lavil. Ni moun k ap viv Ayiti ni sa yo k ap viv lòtbò. Tout pitit peyi a ap ka fè tande vwa l.Tout pitit peyi a ap mete ansanm pou mennen Ayiti kote li dwe rive a.
Metodoloji
Vizyon #AyitiNouVleA tabli apati 12 533 tweet - sa ki fè antou 388 575 mo epi 821 paj - soti 14 jiyè 2018 rive 20 oktòb 2018. Pwogram #AyitiNouVleA dwe tabli menm jan an, gras ak konsiltasyon sou Entènèt epi rankont fizik moun nan chapit asosyasyon an, konsiltasyon nan gwoupman, asosyasyon, ak lòt enstitisyon sosyete sivil la nan tout peyi a.
Metodoloji sa baze sou konviksyon nou genyen, nan Ayiti Nou Vle A, solisyon pou rezoud yon pwoblèm dwe soti nan 2 tip ekspètiz (konesans):
- Ekspètiz moun k ap viv sitiyasyon an (Popilasyon an)
- Ekspètiz moun ki etidye sitiyasyon an (9 Gwoup Tematik ANVA yo)
Se konbinezon de (2) ekspètiz sa yo ki pou fikse pwojè #AyitiNouVleA. Yon pwojè ki ap sòti nan repons 3 kesyon fondamantal sou chak domèn entèvansyon ak chak preyokipasyon: aksè, obstak, solisyon.
Endikatè pèfòmans
#AyitiNouVleA chita sou twa (3) prensip fondamantal: Respè, Angajman, Solidarite (RAS). Respè youn pou lòt, angajman nan konstwi yon vizyon ki menm pou nou tout, solidarite pou bay sa ki pi fèb yo jarèt epi mete talan nou ak konpetans nou ansanm pou pwopoze yon lòt modèl sosyete. Prensip sa yo koresponn a twa (3) preyokipasyon : feblès enstitisyon yo, pwoblèm jistis sosyal ak kesyon finansman devlòpman Ayiti a.
Se pou sa nan Ayiti Nou Vle A, nou kenbe twa (3) tip endikatè :
- Alèt ki pou di nou si yon sitiyasyon nòmal,
- Ekilib pou avèti nou sou deriv ki ka genyen,
- Antisipasyon pou ede nou idantifye gwo tandans ki ka chanje yon sitiyasyon.
Wòl endikatè sa yo se pèmèt nou wè rapid rapid ki kote nou plis bezwen manyen, nan ki zòn, sou ki fòm. Chak endikatè dwe pèmèt reponn kesyon ki poze pou chak desizyon, pa rapò ak preyokipasyon global yo pandan konsiltasyon yo. Se gras ak konsiltasyon nivo alèt, ekilib, ak antisipasyon yo ap rive tabli, an fonksyon reyalite ak preyokipasyon chak zòn.
Travay final la ap sanble ak tablo sa. Se li menm ki pral sèvi pou kreye baz done Bousòl la (gade seksyon ki vin apre a).
Endikatè pèfomans |
||||||
No |
DESIZYON |
ENSTITISYON |
JISTIS SOSYAL |
FINANSMAN |
||
1 |
Aksè |
Alèt |
||||
Ekilib |
||||||
Ant. |
||||||
Obstak |
Alèt |
|||||
Ekilib |
||||||
Ant. |
||||||
Solisyon |
Alèt |
|||||
Ekilib |
||||||
Ant. |
||||||
2 |
||||||
3 |
||||||
4 |
||||||
5 |
||||||
6 |
||||||
7 |
||||||
8 |
||||||
9 |
||||||
10 |
||||||
11 |
||||||
12 |
||||||
13 |
||||||
14 |
||||||
15 |
||||||
16 |
||||||
17 |
||||||
18 |
||||||
19 |
||||||
20 |
||||||
21 |
||||||
22 |
||||||
23 |
||||||
24 |
||||||
25 |
||||||
26 |
||||||
27 |
Bousòl ANVA
Bousòl ANVA se yon DSS (sistèm enfòmatik pou ede pran desizyon) miltikritè pou tabli politik piblik gras ak patisipasyon dirèk sitwayen yo (crowdsourcing). Li baze sou Gid #LideAnvanLidè a ki genyen:
- 3 preyokipasyon
- 3 tip endikatè
-
3 aks
-
9 tematik (3 pa aks)
-
27 desizyon(3 pa tematik)
-
81+ kesyon (3 pa desizyon)
- 729+ kritè (81+ kesyon x 3 preyokipasyon x 3 endikatè)
-
81+ kesyon (3 pa desizyon)
-
27 desizyon(3 pa tematik)
-
9 tematik (3 pa aks)
Pou plis klate, yon chema (Mindmap) Bousòl la :
https://atlas.mindmup.com/2019/01/9bfbb35021b211e9a984f7eb6d3762a4/bous_l_anva/index.html
Se poutèt sa, Bousòl sa dwe:
- Yon sistèm solid ki pou trete enfòmasyon k ap soti nan 12 milyon itilizatè, sou plis pase 729 kritè.
- Yon sistèm evolitif ak plizyè kouch (layer) kote baz done, aplikasyon ak entèfas kliyan rete separe pou fasilite mizajou li pandan 30 lane pou piti pwojè #AyitiNouVleA a va dire.
- Yon sistèm ki pòtab, ègonomik, vivan (reyaktif), mobil, grafik … pou fasilite entèraksyon itilizatè yo, san yo pa dekouraje rapid.
Yon ekip enfòmatisyen ak pwogramè ap travay sou baz Bousòl la, espesyalis nan estatistik, politik piblik ak nan 9 domèn ki site pi wo yo ap rejwenn yo pita. Nan bousòl sa gen yon valè endikatè ki pèmèt dirijan kou sitwayen evalye sitiyasyon an ak sa ki merite fèt epi pèmèt yo gentan aji. Endikatè sa yo bay enfòmasyon sou :
- envestisman nan moun : edikasyon, manje, lasante
- envestisman nan jan moun ap viv : ekonomi, lakilti, travay
- envestisman nan kote moun ap viv : anviwònman, enèji, sekirite
Konsa, chak sitwayen, kèlkelanswa sikonstans li, ka patisipe nan pwopoze gran liy politik piblik pou peyi a. Se pou sa pati pa itilizatè (layer client) lan dwe fasil pou itilize avèk imaj, opsyon chwa miltip ki klè, anrejistreman otomatik metadone (tankou lokalizasyon) … pou ankouraje crowdsourcing lan.
Menm jan tou, li dwe pèmèt yon politisyen aliyen l pi fasilman sou pwogram #AyitiNouVleA sitwayen.èn yo konstwi ansanm gras ak DSS la. Li ofri yo solisyon pou pwoblèm yo nan nivo lokal, nasyonal, ak entènasyonal. Sa fasilite reprezantasyon reyèl sitwayen yo nan Leta a.
Premye vèsyon an ta dwe sòti an vèsyon bèta, an jiyè, menm lè ak pwogram final #AyitiNouVleA.
Matris pou reyalizyon
Pwojè #AyitiNouVleA tabli sou 30 lane, soti 2020 rive 2050. Pou lansman efektif li nan lane 2020 an, nou ap tann 4 livrab prensipal:
- Dokiman ANVA: yon plan global pou Ayiti
- Bousòl ANVA: yon DSS Miltikritè
- ANVA Medya: yon gwoup laprès
- Think Tank ANVA: yon laboratwa lide pou akonpaye egzekisyon plan an, ki gen ladann yon Obsèvatwa sou Lajan Leta pou fè suivi Bidjè nasyonal la.
Aksyon |
2019 |
2020 |
2029 |
2050 |
Elaborasyon |
||||
Konsiltasyon global sou pwojè #AyitiNouVleA |
Fev-Av |
|||
Devlòpman Bousòl ANVA |
Jan |
|||
Ekriti Pwojè #AyitiNouVleA |
Me-Jen |
|||
Prezantasyon Pwojè #AyitiNouVleA |
Jen |
|||
Vèsyon bèta Bousòl ANVA |
Jen |
|||
Ajannda |
||||
Mobilizasyon nasyonal |
Jiyè+ |
Jan + |
Jan + |
Jan + |
ANVA Medya |
Jiyè + |
+ |
+ |
+ |
Piblikasyon nòt ANVA pou chak politisyen |
Jiyè+ |
+ |
+ |
+ |
Pledwari/Lobiying |
Okt+ |
+ |
+ |
+ |
Laboratwa lide (Think Tank) ANVA |
Jan + |
+ |
+ |
|
Egzekisyon |
||||
Vèsyon 1.0 (ak lòt vèsyon) Bousòl ANVA |
Jan + |
+ |
+ |
|
Pwopozisyon yon nouvo konstitisyon |
Jan + |
|||
Evalyasyon reyalizasyon yo |
Des |
+ |
+ |
Bidjè
Estimasyon pou premye ane a: 650 000 dola US. Nou envite moun ki kwè nan pwogram nan finanse l dirèkteman (crowd funding).
Pwojè ANVA: $50 000
Konsiltasyon an liy: 5 000
Konsiltasyon fizik: 35 000
Ekspè/Konsiltan: 10 000
Bousòl ANVA: $50 000
Devlòpman: 30 000
Enplemantasyon: 20 000
ANVA Medya: $400 000
Fonksyònman: 25 000 pa mwa: 300 000
Ekipman: 60 000
Dekò: 40 000
Laboratwa (Think Tank) ANVA: $150 000
Staf: 60 000
Rechèch: 70 000
Obsèvatwa sou Lajan Leta: 20 000
Konsiltasyon: Patisipe nan elaborasyon pwojè #AyitiNouVleA, reponn kesyon nou yo nan www.ayitinouvlea.org/konsiltasyon
Afiche 4 reyaksyon
Siyen avèk
Facebook Twitter2) Chak fanmi ta awe ka pwodui kouran pa li. Nou pa bezwen depans poto ak fil, ni gaz pou fè santral yo mache.
3) Chak fanmi dwe gen mwayen dlo pwòp lakay li, pre kay li. Mwens enèji depanse nan bwote dlo, achte dlo. Entèdi vant ti bidon dlo piti. Ankouraje tout moun mache ak boutèy pèsonèl
4) Chak katye dwe gen sèvi travayè sante pou sante piblik ka kontwole ijyèn lekòl yo, pwoblèm ijyèn nan chai katye, siveyans epidemi, nitrisyon nan lekòl yo.
5) Chak lekòl dwe gen yon pwogram dlo potab, resiklaj fatra, rebwazman katye. Chak timoun dwe gen yon seri plant li responsab pou li wouze paske timoun ak pyebwa se lavni peyi a.
6) Itilizasyon medya itil pou ranfòse konesans tout moun sou anviwonman, sou sante, sou devlopman timoun.
7) Nan tout zòn ki gen 2 vakasyon nan lekòl leta sispann afè maten ak apremidi. Fè lekòl 3 jou, 3 jou. Peye anseyan yo doub pou yo travay tout jounen pandan 6 jou. Ofri aktivite altènatif pou spò ak metye pou moun ki vle pou pitit yo okipe 5 jou. Gen de zòn kote fanmi yo ap byen kontan jwenn sèvis pitit yo nan jaden ak lòt aktivite ekonomik ak familyal. Lè ou fè lekòl yo 3 jou, se 2 jou an mwens, pou moun depanse nan transpò, pou redui polisyon machin ak moto, pou lekòl la ofri manje pou chak timoun. Kounye a vakasyon apremidi a toujou sòti mal paske solèy bonè an novanm ak desanm, lapli tonbe anpil nan apremidi, ki fè timoun yo manke plis tan lekòl si yo nan vakasyon apremidi. Yon lòt aktivite pou 2 lòt jou, se aksyon kominotè sou anviwonman.
8) Montre tout moun pou yo fè volontèman sa ki bon pou anviwonman: pa achte nan sache plastik, pa bwe bwason nan plastik, manje lokal, resèvi ak bokal, boutèy, sache.
9) Ankouraje devlopman transpò piblik ak mach a pye nan tout ti vil yo. Kenbe lari a pwòp, degaje twotwa yo, kreye pasaj pou moun mache konnte ki pa genyen oubyen ki danjre, sezi tout materyo konstriksyon ki nan lari, tout machin ki sou twotwa. Kreye de paking pliblik nan antre sèten zòn pou moun ka fè rès wout yo a pye.
10) Dekonjestyone lari a. Entèdi tout machin piblik ki pote mwens ke 40 moun nan zòn Pòtoprens. Bay gwo machin sa yo priorité nan trafik….