Sondaj. Ayisyen vle yon nouvo konstitisyon ak patisipe nan eleksyon men yo pa fè KEP a konfyans pou òganize vòt yo
« Ayiti Nou Vle A » òganize dezyèm sondaj fendane li. Rezilta sondaj la montre yon majorite Ayisyen panse peyi a bezwen yon nouvo konstitisyon ((86%), pare pou yo al vote (60%), men pa fè KEP a konfyans pou òganize de vòt sa yo (57%). Echantiyon moun ki patisipe nan sondaj sa a montre yon volonte pou balanse mank konfyans sa nan disponibilite pou vini yon obsèvatè eleksyon (75%). Anfen, rezilta sondaj la montre yon dezanchantman popilasyon an ak klas politik la, kit li opouvwa, kit li nan opozisyon, ak 59% popilasyon ki afiche preferans li pou nouvo kandida ki pa soti nan pati politik ki egziste aktyèlman yo.
Dapre yon sondaj Ayiti Nou Vle A (ANVA), yon asosyasyon ayisyèn ki ankouraje patisipasyon sitwayèn, yon gran majorite Ayisyen vle patisipe nan desizyon politik peyi a; 73% kwè vote se yon zouti enpòtan pou devlope peyi a, 67% panse li enpòtan pou patisipe nan politik lokal e 75% dakò pou vini obsèvatè elektoral si yo jwenn mwayen pou sa.
Majorite popilasyon an kontinye pa fè Prezidan Jovenel Moïse konfyans pou dirije peyi a - kòt konfyans Prezidan pèdi 5 pwen parapòta sondaj nou te fè ane pase a pou l tonbe nan 40%. Yo pa nonplis fè nouvo KEP Prezidan an mete sou pye pou òganize referandòm konstitisyonèl ak eleksyon an konfyans (57% pa fè l konfyans pou òganize eleksyon) . Sepandan, sondaj la montre ke majorite popilasyon an panse peyi a bezwen yon nouvo konstitisyon e 60 % di yo pare pou yo al vote nan referandòm ak eleksyon KEP a prevwa fè yo - yon pousantaj ki prèske twa fwa nivo patisipasyon nan eleksyon dis dènye lane yo.
Rezilta sondaj sa montre elektè yo vle egzèse dwa yo pou vote lib e libè pou chwazi dirijan yo; sa ki sanble make yon diferans ak diskou aktè politik yo k ap mande retire prezidan an pa lafòs epi pozisyon popilasyon an ki pito eleksyon. Gendwa se sa ki eskplike, sou kesyon chwa nouvo lidè politik yo, moun yo chwazi chanje klas politik la, ak 59% moun ki patisipe nan sondaj la ki di yo ta pito vote pou kandida ki pa abitye fè politik.
Rezilta sa yo konfime tandans nou te konstate pou fen ane 2019 la, kote popilasyon an te deja rejete klas politik la epi pou eleksyon òganize. Li montre konsistans kwayans pèp ayisyen an nan prensip demokratik yo ansanm ak volonte yo genyen pou patisipe epi ede garanti eleksyon ki kredib.
Sondaj sa se òganize nan telefòn, soti premye pou rive 28 desanm 2020, sou yon echantiyon 1058 moun ki genyen 18 an oswa pi plis. Li te itilize teknik echantiyonaj aleyatwa sou baz sèks, laj ak depatman moun yo ap viv. Sondaj sa rive fèt ak sipò Laboratwa statistik Trend Media konpayi Digicel.
Pou plis enfòmasyon sou sondaj sa ak analiz nou so rezilta yo, vizite: https://www.ayitinouvlea.org/sondajeleksyon
Telechaje afich ak videyo ki rezime resilta yo: Dosye miltimedya
Nouvo kowonaviris 2019
Premye fwa nou fè konesans avèk vèsyon patikilye Coronavirus sa (2019-nCov) se te nan Wuhan, 6èm vil peyi Lachin (11 milyon abitan), vil sa nan yon pwovens ki rele Hubei, nan zòn ès peyi a.
Syantifik yo panse orijin viris la animal, men kote l sòti vre, yo poko ka konfime. Chèchè ki nan Institut Pateur nan Shangaï panse l ka gen yon ansèt li kay bèt ki rele Chovsori a (Coronavirus HK9-1) yo te dekouvri nan peyi Lachin nan lane 2011, tandiske yon lot ekip chinwa panse ke 2019-nCov la se yon konbinezon ant coronavirus chovsouri an ak pa koulèv yo.
Òganizasyon Mondyal Lasante bay 2 3 konsèy sa yo, pou redui risk pwopagasyon enfeksyon respitwa sevè sa:
- Evite kontak ak tout moun ki gen pwoblèm respiratwa grav.
- Lave men nou souvan, sitou lè n sot an kontak dirèk ak yon moun ki malad, ou byen nan anviwonnman yon moun ki malad.
- Evite kontak ki pa pwoteje avèk bèt ki nan elvaj, ou byen bèt sovaj.
Moun ki prezante senptom enfeksyon respiratwa sevè yo dwe respekte règ ijyèn yo konn aplike lè moun ap touse yo ( pran distans yo ak moun, kouvri nen yo ak bouch avèk mouchwa papye ou byen ak rad lè yo ap touse ou byen etenye), epi sitou lave men yo.
Nan sant sante yo, pou yo ranfòse pratik pou goumen kont enfeksyon, sitou nan sèvis ijans yo.
Li Nòt ANVA sou jesyon COVID-19 la an Ayiti.
Pa panike
Youn nan pi gwo danje « coronavirus » la ka pote an Ayiti, se panik move enfòmasyon ka kreye. Panik sa ka lakòz moun diskriminen lòt e menm rive fè vyolans sou lòt. Li enpòtan pou n sonje, yon moun ki ta trape maladi a pa sispann moun pou sa.
Men sentòm kowonaviris la, COVID-19, dapre Òganizasyon mondyal lasante : fyèv, tous sèch, difikilte pou respire, fatig. Genyen moun tou ki ka gen doulè, nen k ap koule dlo, gòj fè mal oubyen dyare. Gen moun ki ka genyen l epi ki pa menm montre ankenn sentòm. Kidonk, fò n pa prese deside ki moun ki parèt sispèk.
Pa egzanp, lafyèv, tous, tèt fè mal, kò fè mal, gòj fè mal, nen k ap koule dlo se sentòm grip. Etènye, touse, je wouj oubyen k ap kouri dlo, nen k ap kouri dlo, se sentòm alèji. Nou nan peryòd kote alèji ak grip kouran. Nou nan peryòd kote anpil moun ka manifeste sentòm sa yo, sa pa vle di yo gen kowonaviris. Se sèl tès la ki ka di sa.
Kidonk, respekte règ ijyèn yo, lave men nou, gade distans ak lòt moun men pa bliye tout moun se moun.
Kontinye koute epi aplike rekòmandasyon sous ofisyèl yo tankou MSPP ak OMS epi pa panike.
FAKE NEWS
Pa kite move enfòmasyon pran lari, pa patisipe nan fè move enfòmasyon sikile sou rezo sosyo yo. Veye sous enfòmasyon yo anvan nou pataje yo ak pwòch nou, veye si mesaj yo pragmatik, si yo lojik, e Pa Panike.
Sa nou konnen
Gen tout kalte enfòmasyon k ap sikile sou kowonaviris la: sa l ye, sentòm li, prekosyon nou ka pran, nivo danje li reprezante epi kisa pou nou fè si n trape l. Nan videyo sa, nou gade kisa nou konnen pou kounyeya.
Efè sou poumoun
Nan lopital inivèsitè George Washington nan peyi Etazini, Doktè itilize reyalite vityèl pou ka fè yon modèl ki montre efè kowonaviris la sou poumon. Similasyon sa pèmèt montre ravaj maladi a ka fè sou poumon nou.
Mete Mask
Premye Minis Jouthe Joseph anvizaje fè nou tout pote mask. Men anvan n selebre, ann pran yon titan pou n diskite sou kilè pou n mete l, ki wòl li jwe nan batay kont kowonaviris la epi, si n gen pou n mete l, kijan pou n fè sa.
#LaveMen
Vandredi 13 mas 2020, Òganizasyon mondyal lasante (OMS) lanse #SafeHandsChallenge pou ankouraje tout moun gen #MenPwòp.
Men yon ti chante pou aprann timoun yo lave men yo pandan 20 segond.
(Sou lè Tonton Bouki)
Dlo ak savon
Pou lave men
Anba zong
Ak fant dwèt
Kite dlo a koule
Konsa mikwòb ale
'pi rense
Ak seche/souke
Itilize #SafeHandsChallenge #MenPwòp pou w poste videyo w ak timoun k ap lave men yo sou rezo sosyal yo.
Nou poste tou tradiksyon videyo ofisyèl #SafeHandsChallenge lan pou ede nou metrize chak etap OMS rekòmande yo.
#KanpeLwen
Pou limite pwopagasyon viris la, li enpòtan pou nou bay youn lòt kanpe lwen. Distans sosyal sa se pou evite kontamine youn lòt. Sa vle di, evite foul, bay moun espas yo, rete lwen youn lòt.
#YounVeyeSouLòt
Distans Sosyal ak Miz an karantèn se de(2) mezi nesesè ki pou pran pou kwape pwopagasyon Kowonaviris la.
Men mezi sa yo afekte sante mantal tout moun, sitou sa ki soufri depresyon ak anksyete yo, paske yo gendwa santi yo poukò yo, yo gendwa pè pèdi travay yo e y ap panike paske yo p ap ka touche lajan pou okipe fanmi yo.
Kounya imajine nou anplis tout sa yo, on moun ta sispèk li gen viris la? Moun sa pa dwe santi antouraj li pral jije li mal ni tou pou lavi l menase nan kominote li.
Moun sa dwe alèz ase pou li di ke l malad, konsa l ap ka jwenn bon jan swen rapid vit pou li pa enfekte lòt moun. Li dwe jwenn sipò moral moun ki nan antouraj li pou li konnen li pa poukò li nan moman difisil saa.
Se ansanm pou nou travay pou viris la sispann fè wout li kidonk #YounVeyeSouLòt.
#RetLakay
Soraya enfekte yè men li pa ko konn sa. Se nan 14 jou l ap konnen. Soraya panse li anfòm, li an sante, li sòti ak zanmi l, li enfekte 10 moun. 10 moun sa yo panse yo an sante.Yo pa pran prekosyon, ret lakay, lave men, kanpe lwen, pa manyen figi yo, yo enfekte 100 moun. 100 moun sa yo enfekte 1000. 1000 enfekte 10000. 10 000 enfekte 100000.
Se konsa maladi #kowonaviris la pwopaje. Se pou sa nou dwe suiv konsiy yo pou nou tout pa pran l. #YounVeyeSouLòt.
Estikè pou WhatsApp
Nou fè yon pakè estikè pou whatsapp pou ede pataje mesaj sou prevansyon #COVID19 la an Ayiti pou nou #YounVeyeSouLòt.
Telechaje yo isi a. W ap bezwen on aplikasyon pou kreye estikè sou telefòn ou pou w ka telechaje yo. Nou konseye w, si w gen Android, aplikasyon saa.
Ou ka kontakte nou pa Whatsapp nan 38 86 11 35.
TELECHAJE VIDEYO YO
Klike sou lyen sa pou telechaje videyo nou yo pou n ka pataj yo tout kote.
Sondaj : Ayisyen vle yon Konbit sitwayen pou rezoud kriz la e pou Jovenel Moïse fini manda l
Pòtoprens, 10 desanm 2019
Sondaj. Ayisyen vle yon konbit sitwayen pou sòti nan kriz la epi yo ta swete Jovenel Moïse fini manda li an
« Ayiti Nou Vle A » òganize yon sondaj nan jou ki sot pase la yo. Rezilta sondaj la montre pi fò Ayisyen pa fè ni prezidan peyi a, Jovenel Moïse, ni Lopozisyon an konfyans ak kredi pou dirije peyi a kòmsadwa. Echantiyon moun ki patisipe nan sondaj sa a manifeste volonte yo pou se sosyete sivil la nan kad yon inisyativ sitwayen ki fè pwopozisyon pou rebrase kat la, pwodui zouti pou bonjan refòm fèt anndan sistèm jesyon peyi a epi òganize eleksyon pou nou sòti nan tradisyon kriz sou kriz ki tounen mak fabrik nou an. Epitou, fòk Prezidan an fini manda li.
--
Soti 20 novanm pou rive 5 desanm 2019, asosyasyon ayisyèn Ayiti Nou Vle A mennen yon sondaj sou yon echantiyon 1001 moun ki genyen 18 an oswa pi plis. Yon sondaj nan telefòn te rive fèt. Li te itilize teknik echantiyonaj aleyatwa sou baz sèks, laj ak depatman moun yo ap viv. Sondaj sa rive fèt ak sipò Laboratwa statistik Trend Media konpayi Digicel.
68% popilasyon an kwè Prezidan Moïse ta sipoze fini manda li kòmsadwa daprè sondaj la.
55% popilasyon an di li pa fè Prezidan an konfyans. Epi menm popilasyon sa a nan yon pousantaj 90% di li pa fè Opozisyon an konfyans nonplis. Chif sa ka gen rapò ak estrateji « peyi lòk » la paske se 93% moun yo ki rejte estrateji sa a, e pami yo genyen ki swete demisyon Prezidan Moïse la tou.
Lòt eleman ki enpòtan tou, gen yon diferans nan nivo konfyans popilasyon an nan Prezidan Moïse nan depatman Lwès ak rès peyi a. Pou Lwès, se 61% moun ki pa fè Prezidan konfyans alòske nan rès peyi a se 52% li ye.
Sondaj sa a te gen pou objektif tou pou li chèche mezire opinyon popilasyon an sou lide yon gwo wonmble nasyonal pou ede peyi a soti nan kriz sa a. Menm lè gen 68% moun ki pou Prezidan an ta fini manda li men se 87% ki eksprime volonte yo pou ta gen yon plan nasyonal pou rebrase kat la, pwodui zouti pou bonjan refòm fèt andann sistèm jesyon peyi a pou mennen li sou chimen devlopman, jistis, etik, transparans ak patisipasyon. Eleksyon ta sipoze vini aprè plan sa a fin tabli.
Sou kouman pou wonmble oubyen konbit sitwayen sa a ta dwe monte, 62% moun yo ta prefere yon sistèm òganizasyon kote chak zòn (komin) nan peyi a ta ka chwazi yon delege pou reprezante yo. Se opsyon sa pi fò moun te prefere parapò ak lòt opsyon yo te genyen (seleksyon sou baz tiraj o sò).
Pou kesyon ki konsène anvi oubyen volonte moun ki patisipe nan sondaj la pou yo menm yo ta vini reprezantan zòn yo nan konbit sitwayen an, se sèlman 28% ki enterese angaje yo pèsonèlman. Chif sa pa twò lwen to patisipasyon nan eleksyon peyi a nan dènye eleksyon yo. Sa ka montre yon fòm dezangajman sitwayen yo nan vi politik peyi a. Men tou gen 65% moun ki di yo gen konfyans nan lavni peyi a. Sa a se yon bòn nouvèl lè nou gade jan peyi a sou lagraba.
Pou rezime, popilasyon an manifeste mekontantman li sou jan politik ap fèt nan peyi a. Li mande pou gen yon wonmble oubyen konbit sitwayen pou soti peyi a nan chimen pikankwenna li ye a pou li ale sou wout devlopman, jistis, etik, transparans ak patisipasyon.
Pou plis enfòmasyon sou sondaj sa, ale sou sit Ayiti Nou Vle A nan: https://www.ayitinouvlea.org/sondajtranzisyon
Yon vèsyon franse aksesib la: Vèsyon franse
Gen yon dosye konplè pou laprès la: Dosye laprès
Blog
Ayiti an chif: 10 lane apre
Pibliye pa Irvika Francois · January 17, 2020 3:57 PM
Repons ANVA te bay jounalis Radio Canada, Luc Chartrand, sou metodoloji sondaj desanm 2019 li a
Pibliye pa Roseman Aspilaire · January 10, 2020 11:22 AM · 2 reyaksyon
Bilan Finans 2019
Pibliye pa Ayiti Nou Vle A · January 05, 2020 11:59 PM · 2 reyaksyon