Nan kad mizanplas Bawomèt ANVA a - e pou ranfòse pwopozisyon l pou òganize tranzisyon soti nan #AyitiNouYeA (otokratik, inegalitè, peze souse) pou rive nan #AyitiNouVleA (demokratik, egalitè, solidè) - asosyasyon sitwayen Ayiti Nou Vle A (ANVA) te lanse yon sondaj opinyon aleyatwa stratifye. Echantiyon an genyen 1000 moun ki gen plis pase 18 lane ki, chak, gen 10 kesyon pou yo reponn.
Pou fasilite konpreyansyon ak itilizasyon sondaj sa, ANVA mete a dispozisyon yon rapò ki genyen ladann:
- Rezime egzekitif
- Prezantasyon Bawomèt ANVA
- Metodoloji
- Operasyonalizasyon
- Rezilta sondaj la
- Konklizyon
Nou ka telechaje rapò sa nan fòma prefere n la: Rapò Sondaj Tranzisyon - ANVA 2019
Tablo done yo disponib sou fòma CSV la: Done Sondaj Tranzisyon - ANVA 2019
Gen yon nòt pou laprès ki rezime rezilta yo nan: https://www.ayitinouvlea.org/n10122019
Majorite popilasyon an pa fè ni Prezidan an ni Opozisyon an konfyans pou dirije peyi a. Yo swete yon inisyativ sitwayen pwopoze refòm sistemik epi òganize eleksyon pou nou sòti nan kriz la epi Prezidan an fini manda l.
Sòti 20 novanm rive 5 desanm 2019, Ayiti Nou Vle A òganize yon sondaj pa telefòn sou yon popilasyon mil moun segmante pa sèks, laj, depatman jeyografik ak kote yo abite. Sondaj sa te fèt nan kad jefò Ayiti Nou Vle A ap fè pou fasilite deba nan espas piblik ki baze sou lasyans, bon done, ak bon konprann. Rezilta yo montre yon popilasyon ki jeneralman ini, fi kou gason, lavil kou andeyò, nan apresyasyon sitiyasyon peyi a, avèk yon sèl gwo diferans ant fi ak gason sou nivo konfyans yo fè Prezidan Jovenel Moïse.
Sou kriz la
Kontrèman a sa ki te sanble evidan - yon sondaj entèn manm ANVA te ba nou rezilta ki lajman diferan - menm si kòt konfyans Prezidan an pa wo, a 45%, li pi wo ke ipotèz nou te genyen. Se nan depatman Lwès ke piplis moun pa fè prezidan an konfyans; 61% moun Lwès yo pa fè prezidan an konfyans, alòs ke se 52% ki pa fè l konfyans pou rès peyi a. Yon bagay ki enteresan gason pi fasil fè Prezidan Moïse konfyans (51%) pase fi (38%). Se sèl kote nan sondaj sa nou remake yon gwo diferans konsa. Pa gen gwo diferans ant zòn riral ak iben, menmsi konfyans nan Jovenel Moïse lejèman pi fèb lavil.
Dezyèm kote diferans lan siyifikatif se nan kijan moun yo wè estrateji peyi lòk la. Popilasyon an rejte li an mas (93%). Mesye yo voye l jete a 90%, medam yo a 96%. Apre sa, popilasyon an pa sanble gen gwo divèjans nan jan yo apresye kriz n ap viv la.
90% popilasyon an pa fè moun ki nan tèt opozisyon an konfyans. Yon nivo rejè ki rapwoche l de rejè peyi lòk la.
Anfèt, majorite popilasyon an sanble privilejye stabilite. Yo prefere Prezidan an fini manda l (68%) olye l demisyone (32%).
Sou solisyon kriz la
Pwopozisyon ANVA tranzisyon final la se te yon Konbit Sitwayen pou n sòti nan kriz la epi òganize eleksyon. 87% popilasyon an dakò ak pwopozisyon sa. Konbit sa yo ta prefere chak zòn chwazi delege epi voye l reprezante yo (%) olye se ta tiraj o sò (%). Done sa yo pèmèt nou konplete pwopozisyon Ayiti Nou Vle A pou yon tranzisyon negosye, ki disponib nan www.ayitinouvlea.org/tranzisyonegosye. Pa kont, anvi pou vin delege pa trè wo kay moun yo (28%) e pa twò lwen nivo patisipasyon nan eleksyon, sa ki ka siyale yon dezangajman reyèl kay moun yo ki pral bezwen korije. Malgre sa, 65% popilasyon an gen lespwa pou Ayiti, sa ki se yon trè bon nouvèl.
Sou Ayiti Nou Vle A
Dènye kesyon ankèt la, se te pou evalye travay asosyasyon an pral gen pou l fè pou asire l plan global sou 30 lane a rive jwenn yon maksimòm moun nan popilasyon an. Nou p ap diskite rezilta yo nan dokiman sa men pou moun ki enterese, tout done yo disponib sou pou pèmèt tout moun gen aksè a done yo, pwodui grafik, fè analiz, elt.
Men, kesyon pa kesyon, rezilta prensipal sondaj la, nan chak depatman peyi a:
Afiche 3 reyaksyon
Siyen avèk
Facebook TwitterREPONS: Bonswa Jean Claude. Se pa sou sit la sondaj la fèt, men nan tout peyi a. Nou envite w li metodoloji a la: https://drive.google.com/open?id=1TMYof1emKcgxgbJSRbCe07fmsStqZpK-9G8O3qoKWAc
REPONS: Bonswa Patrick, mèsi pou enterè w. N ap travay sou mete sou pye Bawomèt politik ANVA a ki prevwa 12 sondaj pa ane sou kesyon ki konsène sosyete nou an. Nou nan faz chache finansman, si w ka ede rive nan www.ayitinouvlea.org/don epi ankouraje lòt moun fè sa.
Pou lòt kesyon yo, nou envite w konsilte dokiman rapò sondaj la ki gen enfòmasyon sou Metodoloji sondaj la la: https://drive.google.com/open?id=1TMYof1emKcgxgbJSRbCe07fmsStqZpK-9G8O3qoKWAc
Jwaye Nwèl