Mèsi pou enterè w pou pwojè #AyitiNouVleA. Nou envite w vote sou pwopozisyon ki fèt yo oubyen ajoute pa w.
Yon sistem edikatif citwayen
Fok depi nan lekol prime ak segonde, sistem edikatif ayisyen fome bonjan sitwayen Ayisyen ki konnen dwa yo ak devwa yo, e ki konnen responsabilite yo genyen anve konpatryot yo ak peyi a.
RESIKLAJ PWOGRAM ETID YO
Repase men nan pwogram etid yo , Yon resiklaj sou tout fòm sistèm edikatif lan ka p reflete sou reyalite aktyèl lan
Proposition pour le parlement
Il faut adopter la proposition de M Dieumerite: Eliminer le senat et payer les deputes par seance de travail comme les professeurs
Egzijans pou moun kap poze kandidati
Tout moun ki aspire okipe yon pos nan tet peyi a dwe gen ni madanm yo ni pitit yo ki abite nan peyi a pandan dire mandal la. Yo pa dwe ni al lekol ni pran swen nan lot peyi Yap gen pou devwa pou fe enstitisyon ak enfrastrikti yo fonksyone nan peyi a pou yo menm tou ka benefisye
Krite pou poze kandidati
M sijere yn enstitisyon pou fome moun ki gen pou dirije peyi a menm jan ak lafrans. Dwe genyen tou pou chak pos yon degre etid ki obligatwa pa egzanp lisans pou kazek, spesyalizasyon mè vil, metriz senate ak depite, doktora prezidan ak minis. Kandida yo ap bezwen degre sa yo plis fomasyon nan enstitisyon kap gen pou fome a
aksè eskolè inivèsèl
bay tout moun aksè pou lekòl oswa fòmasyon kèlkeswa laj oubyen zòn kote yo ye
valorize ansèyman
asire anseyan yo metrize sijè ak mètod yo epi valorize travay pwofesè yo
edikasyon bon kalite kote kreyòl la se prinsipal lang instriksyon
Yon nouvo sistèm lekòl ki yon sistèm ki garanti kalite epi itilize metòd ak pwogram modèn ki sèvi ak lang kreyòl la kòm zouti prensipal.
Pou nou gen yon sistèm edikasyon bon kalite ki enklizif, fòk gen yon refòm linguistik lekòl fondamantal pou kreyòl ka pran plas ke li merite a, bon jan envestisman nan bous detid, atelye fòmasyon pwofesè, konstriksyon ak bon jan antretyen lekòl, epi amelyore aksè a dlo ak elektrisite nan lekòl yo.