Asosyasyon #AyitiNouVleA separe an 4 selil teknik baze sou konpetans moun ki ladan yo. Chak selil ap travay sou solisyon nan domèn pa l. Si w rive sou paj sa sèke w ta renmen rejwenn Selil Finans lan. Men kèk ti enfòmasyon ou dwe genyen anvan w pwopoze tèt ou kòm volontè. Apre sa, yon manm Selil Finans lan ap kontakte w pou n ka avanse.
Pou entegre yon Selil, w ap gen pou ranpli yon lot fomilè aplikasyon, l ap pèmèt nou konnen kalifikasyon ak konpetans ou pi byen. Lè ou fin aplike pou entegre yon selil, se komite direktè a ki deside si yap kenbe aplikasyon w la. Seleksyon moun pou patisipe nan selil baze sou konpetans ak kalifikasyon.
Selil yo otonòm, chak selil genyen yon biwo, ki se nwayo ki responsab fè selil la mache. Lè w fin entegre yon selil, biwo a ap kominike avèk ou pou pataje fonksyonman selil la avèk ou, kalandriye travay selil la, elt. Ou ka enskri nan plizyè selil, men ou pap ka aktif nan de selil an menm tan.
Selil Finans lan reyini: fundraiser, marketer, finansye, kontab, elt. , li responsab pwodui:
-
- Yon plan pou mouvman an leve kòb.
- Yon sistèm jesyon transparan lajan ki resevwa a
- Yon plan pou mete an plas yon fon fidisyè pou pèmèt mouvman an etann li nan letan.
Selil Finans lan gen yon biwo ak 2 souselil ki òganize konsa:
Afiche 9 reyaksyon
Siyen avèk
Facebook Twitter