Sou paj sa, nou envite n kite lide ki pou pèmèt nou rive #mareyo epi vote sou lide ki la deja yo.
Vilgarize tout zouti legal(lwa, konvansyon, traité ak akò)ki konbat koripsyon yo.
Vilgarize tout zouti jiridikolegal( lwa, konvansyon, traité, akò) ki disponib pou konbat koripsyon epi kap pèmèt nou rive nan pwosè a. Pale de tout pwosedi pou rive nan pwosè a.
Plan pou nou geyen
Fok nou komanse ak premye rezolisyon an sou petricaribe a. Idantifye vole yo manifeste devan pot yo fóse yo rann tet yo bay lajistis e konsa na continue pran yo gren pa gren.
Fok nou pa bliye ke gen moun ki pa pale franse
Nan mouvman pou nou jwenn jistis sa a , nou paka kite de seri de moun deye. nou bezwen rapo an an kreyol. mwen komanse tradil depi ye, men mwen papka fel poukont mwen, donk map bezwen kek moun ki pou edem.
Pale dirèkteman ak moun ki responsab yo
Pale dirèkteman ak moun ki responsab yo, moun ki ka pran desizyon yo pou yo fè #PwosèPetroCaribeA, pou koupab yo arete, pou koupab yo jije, pou lajan an remèt.
Raple Koudèkont pou rapò sou arè debè ak dechaj la
Raple Koudèkont pou rapò sou arè debè ak dechaj la, gen posibilite pou l deklare kèk moun kòm comptable de fait si yo te jere lajan PetroCaribe a dirèkteman, sa vle di yon ansyen Prezidan tou. Envite KoudèKont oryante rès travay li a nan sans sa, pou n ka idantifye tout koupab yo.