Laurent Weil 489p

Laurent Weil

Lis aktivite Laurent Weil


  • wants to volunteer 2019-10-27 13:59:53 -0400

    Selil Finans

    Asosyasyon #AyitiNouVleA separe an 4 selil teknik baze sou konpetans moun ki ladan yo. Chak selil ap travay sou solisyon nan domèn pa l. Si w rive sou paj sa sèke w ta renmen rejwenn Selil Finans lan. Men kèk ti enfòmasyon ou dwe genyen anvan w pwopoze tèt ou kòm volontè. Apre sa, yon manm Selil Finans lan ap kontakte w pou n ka avanse. 

    Pou entegre yon Selil, w ap gen pou ranpli yon lot fomilè aplikasyon, l ap pèmèt nou konnen kalifikasyon ak konpetans ou pi byen. Lè ou fin aplike pou entegre yon selil, se komite direktè a ki deside si yap kenbe aplikasyon w la. Seleksyon moun pou patisipe nan selil baze sou konpetans ak kalifikasyon. 

    Selil yo otonòm, chak selil genyen yon biwo, ki se nwayo ki responsab fè selil la mache. Lè w fin entegre yon selil, biwo a ap kominike avèk ou pou pataje fonksyonman selil la avèk ou, kalandriye travay selil la, elt. Ou ka enskri nan plizyè selil, men ou pap ka aktif nan de selil an menm tan.

    Selil Finans lan reyini: fundraiser, marketer, finansye, kontab, elt. , li responsab pwodui:

      • Yon plan pou mouvman an leve kòb.
      • Yon sistèm jesyon transparan lajan ki resevwa a
      • Yon plan pou mete an plas yon fon fidisyè pou pèmèt mouvman an etann li nan letan.

    Selil Finans lan gen yon biwo ak 2 souselil ki òganize konsa:

     

    Vini volontè

  • La mobilisation fiscale en Haïti à l’époque contemporaine : entre iniquité et inefficacité (1)

    Biyè sa a se premye pati yon seri biyè m pral pibliye isit la pou prezante nou yon dyagnostik sitiyasyon finans piblik leta ayisien. Nan biyè sa yo ki ekri an franse m pral chèche eksplike poukisa leta ayisyen pa rantre ase lajan pou fonksyone nòmalman, poukisa li pa byen jere kòb li pou envestisman nan devlòpman, e poukisa li manke mwayen pou bay popilasyon an sèvis.

    Analiz sa a ki baze sou yon dyagnostik lajan leta rantre nan kès li, merite konplete pa yon travay sou depans leta fè.

    Prezantasyon an pral fèt an 6 pati. Chak biyè pral prezante 3 pati.

    Mwen prezante nou nan kad sa a yon rezime de strikti agimantasyon mwen:

    1. Entwodiksyon

    2. Analiz de yon seri etid entènasyonal ki fèt sou rapò ant lajan leta rantre nan kès li (resèt) ak devlopman ekonomik

    3. Enpak vilnerabilite ekonomi peyi d'Ayiti sou resèt leta

    4. Analiz de orijin move jesyon lajan leta an Ayiti

    5. Wòl èd entènasyonal la nan kad devlopman reset fiskal leta ayisyen 

    6. Konklizyon

    “L'histoire budgétaire d'un peuple est avant tout une partie essentielle de son histoire générale. Une incidence énorme sur le sort des nations émane de l'hémorragie économique que les besoins de l'Etat nécessitent, et de l'utilisation qui en est faite.”

    Joseph Schumpeter, économiste

    Li rès la

  • @laurentweil tweeted link to Don. 2019-10-30 09:25:45 -0400
    Je viens de faire un don à Ayiti Nou Vle A pour soutenir le travail d'enquête de l'association. https://www.ayitinouvlea.org/don?recruiter_id=20575

  • Refòme sistèm fiskal lEta pou amelyore mobilizasyon resous piblik pou devlopman

    Sistèm fiskal Ayiti a gen 2 gwo pwoblèm: 1) Ajans koleksyon taks yo inefikas: presyon fiskal la pa depase 13% PIB la 2) Non sèlman gen pwoblèm mobilizasyon resous pou gouvènman an ka mache, men tou, taks en Ayiti gen yon tandans regresif. Se pa poutèt nou gen yon peyi ki manke mwayen pou nou aksepte ke lEta pa ka mobilize resous li byen. E li pa nòmal ke nan youn nan 5 peyi ki pi inegal nan mond la, pou taks yo regresif. Fòk sa chanje.


  • published Ranfòse kapasite kontwòl ak otonomi CSC/CA in Ekonomi 2019-03-07 04:30:10 -0400

    Ranfòse kapasite kontwòl ak otonomi CSC/CA

    Lakou siperyè dè kont se yon enstitisyon ki santral nan pwosesis odit ak jesyon lajan lEta. Pou li ka jwe wòl kontwòl li byen, pou li kapab enfòme sitwayen yo sou sitiyasyon regilarite TOUT depans piblik yo, fòk otonomi li garanti, fòk pouvwa li fò, fòk li gen mwayen e otorite chèchè ekspètiz ekstèn, espesyalman nan domèn espesyalize yo, nan ka kote li manke kapasite pou menen travay li byen poukont li. Ranfòse pouvwa kontwòl sa ijan pou nou ka disiplinen depans piblik lEta Ayisien.


  • Edikasyon bon kalite kote kreyòl la se prinsipal lang instriksyon: poukisa mwen dakò

    "Edikasyon bon kalite kote kreyòl la se prinsipal lang instriksyon" se youn nan objektif tematik "Edikasyon" nan pwogram Ayiti Nou Vle a.

    Biyè sa vle chache eksplike poukisa mwen kwè objektif sa dwe prioritè.

    Premyèman, reyalize edikasyon  bon kalite se non sèlman yon enperatif, men se premye fondasyon ki kapab amelyore lavi moun epi favorize devlopman dirab nan yon peyi. Anplis de amelyorasyon kalite lavi sitwayen yo, nan yon pèspektiv teritoryal, aksè a edikasyon enklizif ak ekitab ka ede popilasyon yo nan zòn an dedan tankou nan zòn an deyo gen aksè a de zouti epi devlope de solisyon ki adapte a pwoblèm yap viv e ke yo dwe kapab jere poukont yo. 

    Rezon ki fè peyi d'Ayiti manke bon jan kalite edikasyon, se poutèt: manke pwofesè ki byen antrene, kondisyon majorite lekòl yo mizerab, epi anfin gen gwo defisit ekite ak enklizyon.

    Pou edikasyon an enklizif tout bon vre, sa mande premyèman yon revolisyon linguistik nan nivo Edikasyon Nasyonal: an tan ke lang manman tout Ayisien, e nan konteks kote majorite ayisien, ni pwofesè lekol pa metrize lang franse, kreyòl la dwe lang prinsipal edikasyon nasyonal. Sa vle di fòk politik piblik aplike refòm pou manyel skolè, kou, examen, ak lòt eprèv sèvi ak lang kreyòl kom lang prinsipal. Franse a, se yon lang ki fè pati de patrimwan nou, men atitid "anti-kreyòl" ki jiska prezan dominen nan sistèm skolè a gen yon enpak negatif sou talan ak kreyativite elèv yo.  Pou aprantisaj timoun yo ka efikas, pou timoun kapab byen sèvi peyi yo e pwodui nan peyi yo demen, fòk nou sèvi ak lang manman yo, pou yo kapab pi byen konpran mond lan kote yo ap viv la.

    Kidonk, pou nou gen yon sistèm edikasyon bon kalite ki enklizif, sitou pou timoun ki soti nan milye defavorize yo, fòk gen yon refòm linguistik lekòl fondamantal, bon jan envestisman nan bous detid, atelye fòmasyon pwofesè, konstriksyon ak bon jan antretyen lekòl, epi amelyore aksè a dlo ak elektrisite nan lekòl yo.