Lide Anvan Lidè

 

3 prensip. 3 preyokipasyon. 9 pwopozisyon. 

Pou pèmèt tout Ayisyen, Ayisyèn viv nan diyite.

Yon Gid pou mennen nou nan #AyitiNouVleA.

11 novanm 2018.

 

Yon bousòl

#AyitiNouVleA chita sou twa (3) prensip fondamantal: Respè, Angajman, Solidarite (RAS). 

Respè youn pou lòt, angajman nan konstwi yon vizyon ki menm pou nou tout, solidarite pou bay sa k pi fèb yo jarèt epi mete talan nou ak konpetans nou ansanm pou pwopoze yon lòt modèl sosyete. Prensip sa yo koresponn a twa (3) preyokipasyon : feblès enstitisyon yo, pwoblèm jistis sosyal ak kesyon finansman devlòpman peyi Ayiti. Se pou sa nan Ayiti Nou Vle A, nou kenbe twa (3) tip endikatè : Alèt ki pou di nou si yon sitiyasyon nòmal, Ekilib pou avèti nou sou deriv ki ka genyen, Antisipasyon pou ede nou idantifye gwo tandans ki ka chanje yon sitiyasyon. Wòl endikatè sa yo se pèmèt nou wè rapid rapid ki kote nou plis bezwen manyen, nan ki zòn, sou ki fòm. Se bousòl ki baz nouvo pwojè sosyete #AyitiNouVleA pote.

Gen yon konsta ki fasil pou fèt. Moun k ap mennen bak peyi a pa konn sa pou yo fè avè l. Y ap vanse nan fè nwa san yo pa konnen kote yo prale. Yo plis reyaji lè yon sityasyon prezante, tan pou yo planifye sou 5, 10 oubyen 30 lane. Pasaje ki nan bak la menm, ki se abitan peyi a, pèdi plis epi y ap rete tann yon lavi miyò. Kidonk Ayiti Nou Vle A pwopoze yon apwòch pi pratik, pi lojik, baze sou lasyans, sou bon done ak sou bon konprann. Yon bousòl tou nèf, ki pèmèt swiv kote peyi a prale epi pèmèt aji a tan. Nan tablo d bò sa a, gen yon valè endikatè ki pèmèt kaptenn kou pasaje evalye sitiyasyon an ansanm ak sa ki merite fèt. Endikatè sa yo bay enfòmasyon sou :

  • envestisman nan moun : edikasyon, manje, lasante
  • envestisman nan jan moun ap viv : ekonomi, lakilti, travay
  • envestisman nan kote moun ap viv : anviwònman, enèji, sekirite

 

Endikatè sa yo pèmèt nou planifye pou demen. Pa egzanp, si, nan yon zòn, moun ap viv byen youn ak lòt, men, diferans ant moun ki gen mwayen ak moun ki pa gen mwayen ap ogmante (endikatè ekilib), sa vle di fòk nou aji rapid pou n evite pwoblèm nan mitan yo. Si, nan yon zòn, nivo edikasyon an ba (endikatè alèt), nou konnen fòk prese prese nou fòme popilasyon an pou li ka itil tèt li, epi itil peyi a. Si, nan yon lòt zòn, enèji se chabon bwa ki bay li (endikatè antisipasyon), fòk nou chanje sous enèji a byen vit paske chabon bwa pa yon enèji renouvlab si li mal itilize. Nan yon sitiyasyon kon sa, chak desizyon ap pran sou yon baz lojik, nan tout transparans, nan yon sistèm kote koripsyon pa gen plas li.

Bati yon peyi se yon bagay ki pran tan, ki mande yon envestisman sou yon peryòd ki long, yon vizyon pou lavni. Li mande desizyon tout yon pèp pou konstwi rèv ayisyen an, #AyitiNouVleA.

 

Yon vizyon

#AyitiNouVleA a, se yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa. Yon peyi kote tout moun jwenn lekòl, manje, ak lasante. Yon peyi kote chak grenn Ayisyen, chak grenn Ayisyèn gen menm chans pou l reyalize rèv li. Yon peyi kote chèf respekte lalwa, enpinite kaba, koripsyon pa gen plas li. 

Nan #AyitiNouVleA, chak sitwayen, chak sitwayèn konnen se responsabilite li pou li fè Leta pran bon mezi pou pèmèt chak moun viv tankou moun nan lonè ak respè, san yo pa bezwen kolòn, san yo pa oblije konpwomèt tèt yo. 

Nan #AyitiNouVleA, dwa tout moun respekte, kèlkelanswa laj yo, sèks yo, koulè po yo, relijyon yo, oryantasyon seksyèl yo, andikap yo, nivo etid yo oubyen nivo richès yo.  

Nan #AyitiNouVleA, pa gen Repiblik Pòtoprens, chak depatman, chak komin, chak zòn genyen sèvis de baz ki nesesè epi ki aksesib pou moun k ap viv ladann, konsa yo pa oblije deplase al chèche lavi lòt kote.

Nan #AyitiNouVleA, lasyans gen premye plas nan desizyon yo, konpetans prime sou zanmitay, lojik sou emosyon. 

Nan #AyitiNouVleA, enstitisyon nou yo fò epi yo enklizif, pouvwa yo endepandan, moun yo angaje.

#AyitiNouVleA, se ansanm n ap konstwi l. Kit sa k ap viv an deyò kit sa k ap viv lavil. Ni moun k ap viv Ayiti ni sa yo k ap viv lòt bò. Tout pitit peyi a ap mete ansanm pou mennen Ayiti kote li dwe rive a.

 

Nèf pwopozisyon

Men yon lis 9 pwopozisyon pou n tabli Ayiti Nou Vle A   

Envestisman nan moun

Anpil fwa, reflèks gouvènman yo se envesti nan sa moun ka wè pou montre y ap travay. Li pi ra pou yo envesti nan moun, tankou nan edikasyon, nan lasante popilasyon an ak nan manje. Poutan lè ou envesti nan moun, sa ki tounen vin jwenn ou gras ak envestisman sa plis toujou . Lè ou pa envesti nan moun, gen plis move konsekans epi li fini pa koute w plis lajan. Se pou sa, nan mwa oktòb 2018 la, Bank Mondyal vini ak yon nouvo endis ki rele kapital imen ; endis sa a tabli yon rapò ant nivo lasante ansanm ak nivo edikasyon yon popilasyon epi kapasite l pou l pwodi. Nan klasman sa a, Ayiti 112èm sou 157 peyi epi li okipe dènye plas nan rejyon an. 

Edikasyon 

2 goud pa jou pa ka mennen okenn kote. Poutan se lajan sa a Leta Ayisyen peye pou timoun soti nan premye rive nan nevyèm ane fondamantal. Ak yon bidjè kon sa, nou gen dwa poze tèt nou kesyon sou ki kalite enstriksyon timoun yo rive jwenn. Kòm 8 lekòl sou 10 se lekòl prive, paran blije fè gwo sakrifis pou voye pitit yo lekòl kote tout jan se yon edikasyon dwat e gòch yo riske resevwa. Timoun ann Ayiti pase plis tan lekòl pase timoun lòt peyi. Yo rantre lekòl a 6 zan soti a 25 an, tèlman yo refè klas yo. Lè yo resi fini an (e se sèlman 10% ki resi fini), gwo majorite a pa gen ni metye, ni kapasite pou antre nan inivèsite (pami timoun ki te rantre lekòl, se sèlman 1% k ap rive antre nan inivèsite). 

Nan #AyitiNouVleA, nou dwe gen yon sistèm lekòl ki gen bon jan kontwòl kalite, bon anseyan ki metrize sijè yo, nouvo metòd pedagoji entèraktif e pratik ki pèmèt timoun yo konekte sa y ap etidye ak sa y ap viv chak jou. Pou sa rive fèt kòm sa dwa, fòk se lang kreyòl la ki sèvi kòm zouti prensipal pou ansèyman paske se sèl lang sa a pifò timoun ann Ayiti pale alèz. Tout kalte rechèch syantifik montre aklè se lang natif natal timoun yo ki ka ba yon fondasyon ki solid pou yo aprann tout kalte matyè—e se kon sa tou yo ka apran lòt lang tankou franse, angle, panyòl. Epi se kon sa tou timoun ki sòti nan fanmi ki gen mwens mwayen dwe jwenn bon jan ankadreman pou rive nan menm nivo ak timoun paran ki gen gwo mwayen yo. La tou, se lang kreyòl la ki ka sèvi kòm zouti pou n demokratize edikasyon nan peyi a—pou tout timoun ka jwenn bèl kalte edikasyon san baryè, san fòs kote. Nan #AyitiNouVleA, bidjè edikasyon gen lajan pou kouvri tout aspè edikasyon.

Manje 

Si w pa gen 200-250 goud, ou pa ka achte yon mamit diri, mayi oswa ble. Sereyal sa yo reprezante de tyè (⅔) bidjè manje moun ki pi pòv yo e poutan se enpòte nou enpòte pi fò ladan yo. Se kon sa 1.32 milyon Ayisyen ap soufri nan yon sitiyasyon ensekirite alimantè kwonik, alòs ke mwatye nan nou gen difikilte pou n manje chak jou. 

Nan #AyitiNouVleA, chak Ayisyen dwe ka manje chak jou. Nou dwe manje prensipalman manje ki fèt lakay, manje sa yo dwe aksesib pou tout moun. Moun andeyò kou moun lavil ap jwenn bon jan ankadreman pou pwodi manje pou yo manje. Nan #AyitiNouVleA, Leta ap gen yon veritab politik agrikòl ak yon bidjè ki pi gwo pase sa nou genyen jodi a ki se sèlman 7% nan bidjè peyi a. 

Lasante

Ann Ayiti, pou chak 10 mil moun genyen 12 pwofesyonèl lasante alòs ke li ta dwe 25 pou piti. Gen 3 dispansè pou 100 000 moun. Pou pran swen yon ayisyen pandan yon ane se 597 goud Leta dispoze; sa vle di 1.63 goud pa jou. Kòm rezilta nou gen yon sistèm lasante Ayiti kote pa genyen gwo planifikasyon. Lòt pwòblèm tou se koze akreditasyon lekòl k ap fòme pwofesyonèl lasante yo; sa vle di anpil pa gen otorizazyon leta pou fonksyone e poutan se la elèv ap pran lenstriksyon pou ka pran swen nou. Tout kò sistèm nan gen pwoblèm : fonskyònman l, òganizasyon l,jesyon l ak kontwòl li. Se sa ki eksplike kalite swen yo depaman: moun pa ka rive jwenn swen epi lè yon jwenn menm se pa bon laswenyaj. 

Nan #AyitiNouVleA, Ministè ki responsab lasante prale siveye kesyon lasante kòm sa dwa. Koze anpil donatè ki ap kreye yon bann pwogram vètikal ki pa kowòdone youn ak lòt ap sispann. Pwotokòl jesyon pwoblèm lasante ap nòmalize, pwofesyonèl lasante ap disponib epi kalifye san konte estòk medikaman esansyèl ap garanti tout tan. Kèlkelanswa kote yon moun ap viv, swen de baz yo konsa swen pou anpeche moun nan malad ap disponib pou se pa laswenyaj pou ede moun geri nou toujou ap kouri bay.. Depans piblik ap ogmante pou popilasyon an ka gen yon bon kouvèti sante. 

Envestisman nan kote moun viv

An 1996, se 3 Ayisyen sou 10 ki t ap viv lavil, jodi a se 6. Nan kèk lane ankò chif la ap pi wo. Sa vle di plis risk pou bidonvil kreye, pou polisyon ogmante, pou risk dezas vin pi gran, pou enfrastrikti ki egziste yo pa ka rive resevwa tout nouvo moun sa yo ki prale vini abite lavil. 

Pou chak Ayisyen viv nan diyite, nou dwe envesti nan kote yo ap viv tankou kreye espas ak kominote ki dirab. Sa vle di kreye espas ki pèmèt atire envestisman pou finanse devlòpman teritoryal, san bliye kreye kondisyon pou ranfòse rezilyans vil yo ak kominote yo.

Anviwònman/Enfrastrikti

Sou chak 10 Ayisyen, gen 8 k ap viv nan bidonvil, yo pa gen wout, pa gen dlo, pa gen asenisman, y ap viv nan fatra ki bay tout maladi. Ata moun rich ap viv nan katye enfòmèl, san dlo, san asenisman. Yon lòt bò, anviwònman an fin degrade, ewozyon fini bwote tè yo ale; chanjman klimatik fè nou pa ka pwodui kafe ak kakawo ankò pou n voye vann lòtbò . Se sèlman 6% Zòn pwoteje nou genyen alòs ke minimòm nan ta dwe 14%. Polisyon ki soti nan fatra k ap boule, moun k ap twalèt atè, dlo sal ki pa trete lakòz pwoblèm lasante ogmante. Deplase ann Ayiti se yon pwoblèm: transpò an komen pa òganize, planifikasyon rezo wout enkonplè; gen depatman kote li pi senp pou janbe fwontyè pou retounen nan depatman an pase pran wout lokal paske yo pa egziste.

Nan #AyitiNouVleA, dlo potab p ap yon liks, sistèm transpò an ap modènize, lwa ap pase pou atire envestisman prive nan espas piblik yo ak enfrastrikti peyi a, pwoteksyon anviwònman ak jesyon chanjman klimatik yo ap yon priyorite. Ekosistèm maren yo ap restore, kouvèti forestye a ap ogmante. Chak vil ap genyen yon plan prevansyon risk ak yon komite lokal ki fonksyonèl. Chak kolektivite ap gen kapasite reyèl pou planifye epi òganize devlòpman l.

Enèji

Twa ka (¾) konsomasyon enèji popilasyon an se bwa ak chabon ki bay li. Yon lòt kote, se sèlman 30% popilasyon an ki gen aksè a kouran alòs ke pi fò peyi nan rejyon an gen plis pase 90%. Jounen jodi a, peyi a sèlman gen kapasite pwodi 176 MW alòs ke demann jodi an se 500 MW e li prevwa pou l depase 700 MW nan 2 lane. Yon lòt kote, se enpòte nou n enpòte gaz pou fè kouran. Sa koute peyi a yon pakèt lajan pou yon rezilta medyòk. Nou genyen yon pakèt resous lokal (solèy, dlo, van, dechè agrikòl, elt…) envestisè ki enterese tout bon kapab eksplwate yo pou pwodi kouran nan yon jan ki ap benefik e pou yo e pou peyi a. 

Nan #AyitiNouVleA, ap genyen enstitisyon ki kapab asime responsabilite li, jere sektè a epi pèmèt nou jwenn envestisman ki nesesè pou devlope l, satisfè bezwen popilasyon an, epi ranfòse enstitisyon ki la yo, pou yo kapab byen ranpli wòl yo. Enstistisyon sa yo a ap gen kad kalifye pou travay sou dosye kouran, dosye bwa ak chabon,dosye gaz, dosye enèji renouvlab ak koze itilizasyon efikas enèji. Enstitisyon sa yo ap pèmèt fasilite aksè enèji pou redui eka ant moun ki rich ak moun ki pov, ant moun lavil ak moun an deyò, kreye kondisyon pou favorize envestisman prive epi mete an plas yon kad legal ak yon anviwònman ki atire envestisè pou pèmèt yo etabli rapidman nan peyi a. 

Sekirite

Nan zòn sa yo di ki “non dwa” yo, lè fen mwa rive, zòn yo cho. Gwoup ki gen zam ap batay pou pran oubyen konsève teritwa yo, bal ap tire, lapolis pa ka rantre. Pandan menm moman an, twou egou gran louvri, kab wot tansyon pandye tout kote, lari yo fè nwa, kidnapin ap vale teren, trafik dwòg san kontwòl, vyolans kriminèl ap ogmante nan yon peyi kote inegalite ekonomik ap ogmante gran chak jou. Pèsonn nan peyi Ayiti pa an sekirite. Kit se sekirite fizik moun, kit se min sab k ap mal eksplwate bò lakay ou, kit se sikilasyon sou wout yo, tout se malè pandye ki ka lakòz gwo aksidan. 

Nan #AyitiNouVleA, Leta ap travay pou respekte pati pa l nan kontra li gen ak nou an, sa vle di asire sekirite byen ak lavi chak grenn Ayisyen ak chak grenn Ayisyèn nan ranfòse sistèm ransèyman li, nan lite kont krim sou tout fòm, nan travay pou prevni kriminalite, nan mete sou plas yon plan sekirite ki santre sou moun. Pwoblèm sekirite nan peyi a se pa yon pwoblèm krim sèlman, se yon pwoblèm Leta ki pa pran responsabilite li pou asire sekirite peyi a, sekirite nasyon an ak sekirite sitwayen yo. Sa vle di mete bon jan sistèm pou fè enspeksyon, dedomaje viktim yo epi pini moun ki koupab neglijans kriminèl.

 

Envestisman nan jan moun viv

Nan lane 1805, atik 14 premye Konstitisyon nou kòm peyi endepandan te etabli baz rèv Ayisyen an, yon peyi kote koulè po pa gen enpòtans, kote youn ka konte sou lòt, kote resous peyi a la pou byennèt chak Ayisyen ansanm ak tout kominote a. Se pou sa demokrasi nan #AyitiNouVleA se yon demokrasi ki pa chita sèlman sou dwa sivil ak politik, men, ki chita tou sou dwa sosyal ak ekonomik chak grenn nan nou. Yon demokrasi ki baze sou valè nou, sou kilti nou. Yon demokrasi kote chak grenn Ayisyen ka jwenn yon travay pou l fè, paske, jan yo di lakay, « travay se libète ».

Ekonomi

Nan 8 lane ki sot pase yo (2010-2018), goud la pèdi mwatye valè li pandan kwasans ekonomik nou rete anba 1%. Chak jou lavi vin pi chè, chak ane ki pase fè nou gen mwens lajan. An Ayiti gen yon endistri povrete kote manman lajan sere yon kote pou l pa ka fè pitit, sa ki bloke ekonomi an. Plis pase mwatye richès peyi a nan men 5% moun ki pi rich yo. Yon peyi pa ka devlope ak mòd konsantrasyon richès sa a. Yon lòt bò, nou enstale nan yon ekonomi sibsiztans, k ap eksplwate ti kras resous ki rete nan peyi a san nou pa reyenvesti ladann. Kòm se yon yon ti gwoup moun ki gen resous sa yo, kredi pa disponib, pifò moun pa gen aksè a yo.

Nan #AyitiNouVleA, Leta ap mete an plas bon jan politik piblik, lwa ak règleman pou refonde modèl ekonomi an yon fason pou se moun k ap pwodi nan peyi a ki benefisye fwi yo, pou akò komèsyal yo benefisye majorite popilasyon an, pou estabilize ekonomi an ak goud la. Fanmi yo p ap bezwen ap chèche sere lajan an dola ameriken pou pwoteje tèt yo kont enstabilite ekonomik, goud la ap pran fòm kò l, klima biznis la p ap bay kè sote, pwopriyete ak envestisman prive ap garanti.

Kilti

Yon Ayisyen jounen jodi a, se yon moun ki an tranzit. Yon moun ki ap tann yon paspò, yon bout viza, yon rezidans oubyen lanmò. Poutan gen yon mwayen pou chak Ayisyen jwenn yon egzistans entelektyèl, afektif, moral, espirityel ki satisfezan, yon mwayen pou l reyalize rèv li. Mwayen sa a se devlòpman kilti ansam ak konesans listwa l pou l ka defini yon ansanm byen komen pou tout Ayisyen.

Youn nan zouti byen komen sa, ki toujou anba baboukèt jounen jodi a, se dwa pou tout popilasyon an jwenn tout kalite sèvis nan sèl grenn lang ki rele tout Ayisyen chè mèt chè mètrès (ki vle di: lang kreyòl la ki se youn nan 2 lang ofisyèl peyi a e ki se sèl grenn lang ki makonnen tout Ayisyen ansanm—Atik 5, Konstitisyon 1987). Lang natif natal popilasyon an se yon zouti ki transvèsal nan dosye respè dwa moun, jistis, edikasyon, devlòpman, e latriye. Poutan, jounen jodi a, se pifò enstitisyon leta yo ki derefize aplike sa manman lwa peyi a mande konsènan itilizasyon 2 lang ofisyèl peyi a.  

Nan #AyitiNouVleA, kreyasyon atistik ap makonnen ak pwomosyon antrepriz, asoyasyon atizanal ak atistik, pou amelyore kapasite ak pèfomans enstitisyon atistik yo nan pwomosyon kilti nou pou l tounen yon fòs pou devlòpman peyi a. Fòk kilti nou menm jan ak lang nasyonal nou antre nan tout politik devlòpman peyi a, kit se nan domèn edikasyon, lasyans, kominikasyon, lasante oubyen pwoteksyon anviwònman. Kilti se yon atou pou makonnen popilasyon an nan yon grenn kominote. Li dwe nan tout aspè elaborasyon #AyitiNouVleA.

Travay

Nan Leta Ayisyen, sou chak 100 fonksyonè, se 5 sèlman ki gen diplòm. Anpil lòt fonksyonè yojwenn pòs paske yo gen marenn parenn, paske gen yon moun ki mete yo la. Pa gen anpil ayisyen ki ap travay. Nan sila ki ap travay yo ou ka jwenn sèlman 3 Ayisyen sou 100 k ap travay nan Leta kont 11 ki ap travay nan sektè prive a. Nan sa ki rete yo gen yon valè k ap brase lari a, anpil nan sila yo se yo ki anplwaye tèt yo (77% nan sa ki ap brase yo). Se Ayisyen ki bay tèt li travay. Salarye se yon bagay ki ra. Lespri antrepriz se fondman ekosistèm anplwa nan peyi a. Poutan, moun yo rete pòv paske gen yon sik povrete kote pòv ap travay pou pòv. Moun ki ap travay pou kont yo - 83% fi kont 72% gason - se sitou moun ki pa fè gwo etid sa ki rann envestisman yo a pi vilnerab. Dòmèn Ayisyen travay se agrikilti (45%), komès ak reparasyon (28%) epi anpil se chèf antrepriz (36%). 

Nan #AyitiNouVleA, anplwaye kou antreprenè ap jwenn bon jan ankadreman pou yo pwodui pwodui de kalite, nenpòt moun ka achte. Fòk chak grenn Ayisyen ak Ayisyèn ka jwenn yon travay desan, ki byen peye, ak yon salè minimòm ki pèmèt li viv epi pran retrèt li nan diyite.

Yon envitasyon

Prensip, Bousòl ak Pwopozisyon sa yo, se yon GID nou ofri pou konstwi #AyitiNouVleA. Vokasyon li se pou li sèvi yon baz pou lanse konsiltasyon nan tout peyi a pou nou ka rive tabli yon plan global pou trant lane ki ap vini yo. Plan global sa a nou espere l ap pare nan mwa jen 2019 pou li ka kòmanse egzekite a pati pwochèn lejislati 2020 an. N ap tann kontribisyon tout moun pou plan an sanble vre mèt li yo: tout moun ki kwè epi ki konprann se Ayisyen ki pou sove Ayiti.

AYITI NOU VLE A PA LWEN. LI TOU PRE. MEN SE ANSANM POU NOU KONSTWI LI.  

 

Afiche 1 reyaksyon

Souple verifye imel ou pou yon lyen k ap pèmèt ou aktive kont ou.