Ayiti Nou Vle A se yon gwoup sitwayen ak sitwayèn ki deside mete konpetans ak ekspètiz yo ansanm pou pwopoze yon nouvo modèl sosyete kote tout Ayisyen, tout Ayisyèn ka viv nan diyite. Rèv nou se rive mete ansanm tout Ayisyen, an Ayiti kou aletranje, ki vle konstwi yon peyi kote tout moun moun.
Asosyasyon an baze sou 3 prensip:
- Respè youn pou lòt,
- Angajman nan konstwi yon vizyon ki menm pou nou tout,
- Solidarite pou bay sa ki pi fèb yo jarèt epi mete talan nou ak konpetans nou ansanm pou n konstwi #AyitiNouVleA
Èske sa ede w?
Kite premye kòmantè a
Siyen avèk
Facebook Twitter