Ayiti an chif: 10 lane apre

Photograph Source: Photo Marco Dormino/ The United Nations United Nations Development Programme – CC BY 2.0

Jounalis ameriken Jake Johnston pibliye yon atik kote li bay chif sou sa ki pase an Ayiti nan 10 dènye lane yo. Maten an, 17 janvye 2020, nou mande l otorizasyon l pou n pibliye atik la an kreyòl pou plis moun ka konprann li. Nou gen pou n pibliye tou yon videyo ki reprann sa ki nan atik la pou li ka rive sou plis moun toujou. Tou de tradiksyon sa yo fèt ak otorizasyon jounalis la. Nou ranje yo pa blòk enfòmasyon pou fasilite konpreyansyon. Tit blòk yo pa t nan tèks orijinal la ki askesib nan lyen sa.

 

Li rès la
Ajoute reyaksyon w Pataje

Repons ANVA te bay jounalis Radio Canada, Luc Chartrand, sou metodoloji sondaj desanm 2019 li a

Repons ANVA te bay jounalis Radio Canada, Luc Chartrand, sou metodoloji sondaj desanm 2019 li a.

Avan yè, mèkredi 8 Janvye 2020 an, a 2h30 nan laprè midi, jounalis Radio Canada, misye Luc Chartrand, te antre an kontak ak Ayiti Nou Vle A pou diskite sou metodoloji ak reprezantativite ankèt li te pibliye 10 desanm 2019 sou kriz la. Jounalis la te bezwen detay sa yo pou li te konsolide atik li ta pral ekri sou Prezidan an. Atik la sòti jodi a nan adrès: https://www.msn.com/fr-ca/actualites/monde/le-président-haïtien-se-défend/ar-BBYM6vu. Nan kad ekriti atik sa, Luc Chartrand te gen anpil kesyon pou ede l konprann pi byen metodoloji sondaj la. Men, an rezime, sa nou te di l.

Mesye Chartran te eksplike n li pale ak Prezidan - ki ta mete ANVA nan opozisyon - epi ak moun ki kritike sondaj la - ki ta kesyone metodoloji a. Konvèsasyon nou ak Jounalis Luc Chartrand te sitou chita sou evantyalite pou sondaj la ta byeze.

Premye kesyon li te poze se te sou posibilite pou Ayisyen ki nan zòn andeyò yo efektivman yo gen aksè telefòn. Jan nou te deja eksplike li nan dokiman Prezantasyon sondaj la (www.ayitinouvlea.org/sondajtranzisyon), nou te reponn li done ki disponib pou 2019 sou kantite itilizatè telefòn ki gen nan peyi a, an patikilye zòn pwovens yo, yon total ki depase 7 milyon. Se anviwon 57% moun ki gen telefòn nan peyi a. Done sa yo pèmèt jounalis konprann pwoblèm kapital (Pòtoprens) ak pwovens lan pa t poze an tèm de reprezantativite.

Dezyèm kesyon jounalis la te sou kantite moun nou te kontakte antou. Nou eksplike l gen anviwon 17 mil nimewo telefòn ki te kontakte pou finalman konstitiye echantiyon 1000 moun lan. Nou esplike l chif sa a se te premyèman pou reprezantativite echantiyon an, dezyèman pou kenbe yon maj erè trè fèb epi, twazyèman pou pèmèt la rete valid fas a kèlkeswa teyori sou sondaj an tèm kantitatif. Sa ki te pèmèt Luc Chartran konprann pi byen.

Twazyèm kesyon te sou peryòd sondaj la fèt la ak enfliyans sa genyen sou rezilta yo kòm moun yo te fatige ak lòk la. Nou te eksplike l se sa menm ki fè se yon sondaj li ye, se paske moman an menm ka enfliyanse rezilta yo sinon se t ap yon rezilta matematik koni. ANVA dakò nan yon moman diferan de moman nou te fè sondaj la rezilta yo te ka diferan. Se pou sa n ap travay mete sou pye Bawomèt ANVA ki ap gen pou mezire opinyon piblik lan regilyèman.

Katriyèm kesyon jounalis la te sou etònman ANVA ta genyen parapòta rezilta yo. Nou presize nan pèsepsyon nou de kriz la nou te atann yon pi gwo dezave Prezidan an, men apre sa rezilta yo pa t etone n apre sa. Se la, jounalis la pataje avèk nou eksperyans li kote an jeneral, kòm jounalis ki abitye kouvri kriz, sa kap di nan lari a toujou diferan de sa kap di anndan kay yo ant moun yo.

Senkyèm kesyon te sou kalifikasyon gwoup opozisyon Palè Nasyonal ta ba nou. Nou te reponn li pou nou di l menm si chak moun ki nan ANVA gen pwòp konviksyon politik pa yo, asosyasyon an se yon gwoup nan sosyete sivil la kap mande pou bagay yo fèt yon lòt jan e bò kote sitwayen yo e bò kote detantè pouvwa yo. Nou ajoute kòm youn nan cheval batay nou se denonse ak konbat kòripsyon, se sa ki ka fè pouvwa egzekitif la konsidere nou kòm tèl men se pa leka.

Sizyèm kesyon e dènye kesyon an se te sou akèy piblik la. Nou pa t gen mwayen verifye reyaksyon piblik la an jeneral kidonk nou reyaji sou de gwoup ki te plis vokal yo. Chòk rezilta sondaj la yo te fè anpil moun ki aktif nan lari a oubyen ki gen de lòt pozisyon parapòta pouvwa a te remete rezilta yo an kesyon epi kritike asosyasyon an. Yon lòt bò, gwoup moun ki se patizan pouvwa a te itilize aspè ladan ki te bon pou yo pou montre yo gen yon minimòm konfyans toujou popilasyon an fè pouvwa anplas epi plis moun nan popilasyon an pa fè moun k ap konbat pouvwa a yo konfyans.

Pou fini, Luc Chartrand te remèsye ANVA pou disponibilite nou ak inisyativ la.

 

Sondaj tranzisyon an

2 reyaksyon Pataje

Bilan Finans 2019

Jou ki te 31 desanm 2019 la, kèk manm ANVA te resevwa yon bilan finansye ki soti nan Seil Finans lan remèsye yo pou kontribisyon yo te bay asosyan an pandan ane 2019 la. Manm asosyasyon yo bay tèt yo epi depanse san konte pou asosyasyon an. Sa k bay espas pou fè rankont, sa  k enprime mayo ak pwogram ANVA a. Nou bay tan nou, anpil lide ak bon enèji nou. Nou pa p janm ka mete yon pri sou sa. Anvan ane a fini, Selil Finans lan te vle remèsye yo epi pataje ak yo yon bilan sou sa ANVA resevwa e depanse

Jodi a, premye lèt ebdomadè videyo ANVA a sòti. Ladann nou pale de chif ki nan bilan an. Nou reprann yo la pou moun ki prefere li pase gade yon videyo. Si n gen kesyon kontakte Selil Finans lan nan finans@ayitinouvlea.org.

Li rès la
2 reyaksyon Pataje

Siyati akò pou mete sou pye Platfòm lit kont koripsyon #AnbaTab

Yè, premye janvye 2020, Ayiti Nou Vle A siyen yon akò ak òganizasyon Janaagraha nan peyi Lend pou mete sou pye vèsyon ayisyèn platfòm IPaidABribe ki pèmèt itilizatè yo denonse, nan anonima si yo vle, chak fwa yo blije bay yon kòb anba tab pou yo ka jwenn sèvis Leta dwe yo. An Ayiti, n ap rele platfòm nan AnbaTab. L ap disponib nan 2 mwa lè nou lanse kanpay videyo lit kont koripsyon an. 

Annatandan, li posib pou aprann yon tikras plis sou platfòm nan ak videyo YouTube sa. Soutit yo ka mete an kreyòl.

Li rès la
Ajoute reyaksyon w Pataje

L'économie haïtienne: les investissements bancaires

Il y'a quatre ans de cela soit en 2015, Wilson Laleau (ministre de l'économie et des finances) décretait l'état d'urgence économique, tellement la situation paraissait alarmante. On est en 2019 et la crise s'est aggravé surtout après les émeutes du 6 et 7 juillet 2018, que l'économiste Thomas Lalime qualifiait "d'émeutes de la dépréciation de la gourde" en raison des conséquences qu'elles ont entraîné pour la gourde et l'augmentation des prix de vente des produits de premières nécessités, plus encore l'économie haïtienne a atteint sa phase la plus compliquée en raison des crises politiques continuelles, le pouvoir d'achat à diminué et des cellules d'entreprises ont dû fermer leurs portes, le cas du complexe Delimart à Delmas 33, augmentant le taux de chômage. En plus selon Richard Buteau, lorsqu'on calcule la ratio de rotation des stocks et le temps d'écoulement de ces stocks, on constate une regression des produits écoulés pendant l'année 2019 par rapport aux autres années ; cette situation se rapproche de celle de 2010.

Li rès la
1 reyaksyon Pataje

La mobilisation fiscale en Haïti à l'époque contemporaine: entre iniquité et inefficacité (2)

Biyè sa a (an franse) se dezyèm pati yon analiz mwen reyalize sou sitiyasyon finans piblik leta ayisien. Nan pati sa a map eseye eksplike lakòz move jesyon lajan leta an Ayiti e konpran obstak ki anpeche leta kolekte kòb sitwayen yo dwe li de fason ekitab e efikas. Apre sa nou pral gade wòl èd entènasyonal la nan kad devlopman kapasite leta pou mobilize taks nan peyi a. Refleksyon sa a baze sou etid mwen reyalize pandan 5 lane inivèsite sou pwoblematik politik ekonomik, devlopman peyi pòv yo ak pwoblèm devlopman nan rejyon Amerik Latin ak Karibeyèn lan.

Mesaj prensipal yo:

Prensipal obstak yo gen orijin yo nan yon konbinezon 1) tradisyon peze souse de gouvènan yo an Ayiti ak 2) yon mefyans sistematik de kontribuab yo anvè yon yerarchi leta ke yo kiltirèlman rejete depi nan lendepandans. 

Inefikasite ak Injistis sistèm fiskal ayisien an reflete pratik predatè de leta Ayisien ak move relasyon leta genyen ak kontribuab li yo. 

Asistans entènasyonal la an diminisyon an Ayiti. Men gras a asistans lan depi yon sètan nonb lane, Ayiti reyalize kèk pwogrè nan mobilizasyon fiskal li. Men pou Ayiti sispann depann de etranje pou jere pwòp tèt li poukont li yon jou, sa nesesite yon seri refòm ak efò ke leta pa reyalize. 

Li rès la
Ajoute reyaksyon w Pataje

La mobilisation fiscale en Haïti à l’époque contemporaine : entre iniquité et inefficacité (1)

Biyè sa a se premye pati yon seri biyè m pral pibliye isit la pou prezante nou yon dyagnostik sitiyasyon finans piblik leta ayisien. Nan biyè sa yo ki ekri an franse m pral chèche eksplike poukisa leta ayisyen pa rantre ase lajan pou fonksyone nòmalman, poukisa li pa byen jere kòb li pou envestisman nan devlòpman, e poukisa li manke mwayen pou bay popilasyon an sèvis.

Analiz sa a ki baze sou yon dyagnostik lajan leta rantre nan kès li, merite konplete pa yon travay sou depans leta fè.

Prezantasyon an pral fèt an 6 pati. Chak biyè pral prezante 3 pati.

Mwen prezante nou nan kad sa a yon rezime de strikti agimantasyon mwen:

1. Entwodiksyon

2. Analiz de yon seri etid entènasyonal ki fèt sou rapò ant lajan leta rantre nan kès li (resèt) ak devlopman ekonomik

3. Enpak vilnerabilite ekonomi peyi d'Ayiti sou resèt leta

4. Analiz de orijin move jesyon lajan leta an Ayiti

5. Wòl èd entènasyonal la nan kad devlopman reset fiskal leta ayisyen 

6. Konklizyon

“L'histoire budgétaire d'un peuple est avant tout une partie essentielle de son histoire générale. Une incidence énorme sur le sort des nations émane de l'hémorragie économique que les besoins de l'Etat nécessitent, et de l'utilisation qui en est faite.”

Joseph Schumpeter, économiste

Li rès la
1 reyaksyon Pataje

Souvan istwa ki pi trajik anseye nou valè ki pi imen.

Souvan istwa ki pi trajik anseye nou valè ki pi imen.

08 octobre 1994, mwen te yon timoun 12 ane mwen tap vive Delmas, lè mwen te reveye jounen sa premye bagay mwen te remake se te souri ak kontantman ki te entoure m, se te yon epok ki te dificil ampil men jounen sa te diferan, manman m' te gen yon gwos souri ak joi nan vizaj li, vwazen bow lakay nou tap danse kompa ak kè kontan, prèske tout moun nan katye a te kontan, yo tap danse, yo tap ri, e yo te mete ansanm pou yo netwaye, pentire, fe dekorasyon katye a tout antye.

Ki sa ki te fè jou sa si espesyal pou mwen et ampil lot haitien se ke menm bagay sa yo tap fet nan ampil lot katye an Ayiti, timoun, granmoun, manman ak papa, soti nan Cite Soley passe Delmas, Pétion ville prèske tout kote Ayisyen te kontan, yo te netwaye, dekore lakay yo avek yon fierté yon joi Kòm yon lame ki fek genyen yon gwo viktwa lagè, jan de santiman sa yo, se pa yon bagay ou ka vrèman eksplike yon moun, li se yon bagay ke ou ka sèlman santi nan nanm ou selman lew te viv li.

Mpa kwè ke moun k ap viv amba lavil, la saline, martissant, ap janm konnen yon jou espesyal pwòp ak bèl konsa anko, tout ayisyen te ini yo jou sa paske yon moun espesyal ke nou te goumen ampil pou te tounen tap vin jwen nou nan kek jou et ampil Haitien te vle bal yon akey diy de lanmou nou te santi... e moun sa a te Aristide.

( Gen ampil bagay yon moun ki renmenw ka fe pou ou, men pa gen anyin ke moun sa pap fe pou ou lè li santi ke ou renmen li tou.)

Mwen konnen anpil ayisyen ki komanse li atik sa panse ke mwen ta pral fè lwanj Aristide oswa vante bon kalite l 'yo epi gentan ap pare pou vin apre m' ak tout kritik ak diskisyon raz ke nou toujou ap fè depi pase 30 ane deja, men atik sa a. pa konsène Aristide, an reyalite jou espesyal sa mwen tap rakonte nou an pa te janm konsene Aristide, li te konsène yon bagay ki pi gwo, yon bagay ki pi important et ki fondamantal nan avni ke nou vle pou peyi nou ke nou dwe reflechi sou li, jou espesyal sa a ke mwen p'ap janm bliye te konsène sa yo rele en anglè. (LOVE FOR YOUR PEOPLE) Lanmou Ou Genyen Pou Pep ou.

Nan pifò peyi devlope yo kiltive lakay timoun yo depi nan laj byen bonè, pou yo renmen peyi yo lanmou sa pa yon ilizyon abstrè li ye, pou yon neg ak yon fanm kap mennen yon vi normal lanmou sa tradwi souvan nan respè ou genyen pou dwa konpatriyot parèy ou ki fe pati de peyiw,

Lè ou renmen pèp ou a, ou gen tandans vle sa ki pi bon pou li, et proteje dwal tankou moun se rezon ki fè respè pou dwa moun et menm dwa animal fondamantal nan devlopman nenpòt sosyete modèn.

Lew pa kiltivé Lamou pou pep ou : sa ap kreye sitiyatyon kote nan lopital wap we ampil infimyè ki abiye prop avek inifom byen blan epi yo kite timoun yo responsab ki malad nan yon anvironman sal paske yo pa we sa kom yon devwa pou yo goumen pou tout timou peyi yo viv nan diyité menm jan avek avek yo se menm bagay sa yo ki fè wap jwen ampil senatè sèl oswa yon depite ap gen plis polisye pou bal sekirite ke pase plizyè mil moun nan komin ke li reprezante san li pa santil jennen

Ou pa ka di ou renmen peyiw siw pa gen lanmou pou Pèp li, paske yon peyi se yon regwoupman moun ki lye ak yon istwa ki pataje yon kilti ki fè nasyonalite yo. Jan nou trete timoun yo depi nan bèso a se konsa yo pwal trété nou lè nou fin granmoun.

Lè ou nan pozisyon en tan ke responsab ke se kòm paran, politisyen, ak biznisman examp ou bay, sosyete ke ou kreye oubyen saw fè kité dèyè ka vin a la fin bagay ki detwiw oubyen koute laviw ak yon kawotchou boule nan kou ou.

Kèlkeswa opinyon oswa santiman ou genyen pou li fok rekonèt ke nan ané 1990 Aristide te yon senbòl de Lanmou yon lidè bezwen montre a Pèp li, ke se te vre oswa fo mass Pèp la te renmen Aristide reyèlman et yo te santi ke li te renmen yo tou, lefèt ke anpil ayisyen te dispoze sakrifye tout sa yo te sakrifye epi uni ansann pou fè tout bagay sa yo pa pwop volanté yo pou resevwa li se yon vre testaman de lanmou yo te genyen pou li ak impotans yon lidè ki inspiré moun valè sa yo.

Atravè 215 ane nan istwa nou, nou viv anpil moman nan tristès trajedi ak dezespwa men pi gwo trajedi a se lefèt ke nou pa janm pran swen ti moman ra sa yo kote nou te uni nou et kontan pou youn lot, reflechi sou li, inspire de yo epi anseye timoun nou yo impotans Lanmou Ou Genyen Pou Pep ou genyan nan ede nou jwen direksyon poun rive constri Ayiti nou vle a ak viv dapre deviz li Lumion fè la fòs.

 

Kenny Cash.

Twitter : Mckendy19

Intagram :Kenny___Cash

 

1 reyaksyon Pataje

Enplikasyon nominasyon sitwayen Fritz William Michel pou Premye Minis

Yè aprèmidi ki te 22 jiyè a aprè li fin anonse demisyon PM Lapin, Prezidan Moise tou nome sitwayen Fritz William Michel kòm premye minis. Nap raple PM Lapin,ansyen minis kilti sou Céant te nome PM pa enterim sèlman 3 jou aprè chanm depite te revoke PM Céant. Yon mwa aprè, yon lòt arete pral nome PM Lapin kòm Premye minis. Ale de PM pa interim pou rive nan PM nome, kat mwa gentan pase san palman an pa rive ratifye Lapin jiskaske l bay demisyon l.

Li rès la
3 reyaksyon Pataje

ENPOTANS RAPO KOUDEKONT LAN POU PWOSE PETROCARIBEA!

Rezime :

Yon rapò odit ou ankèt, se yon rapò ki prepare sou baz anpil enfòmasyon ki gen prèv ak yon group Anketè ou oditè ki gen konpetans ak endepandans nan domènn lan avèk sipò kèk ekspè entènasyonal ki metrize sa yo rel odit.

Rapò koudèkont lan gen anpil itilite ak enpòtans pou yo konmanse arete tout koupab e mete aksyon piblik an mouvman kont delenkan finansye yo. Jodi a sou baz rapò koudèkont lan, nou dwe pran devan pou’n mande arestasyon moun non yo site epi mande ULCC ak UCREF al chache kote lajan fè, epi lajistis pou al chache prezime koupab yo.

Li rès la
Ajoute reyaksyon w Pataje