Apwopo
- Akèy
- Apwopo
Apwopo
Nou gen yon misyon pou tout Ayisyen viv nan diyite
#AyitiNouVleA a, se yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite, kote se sitwayen ak sitwayèn yo ki bay pouvwa.
- Yon peyi kote tout moun jwenn lekòl, manje, ak lasante.
- Yon peyi kote chak grenn Ayisyen, chak grenn Ayisyèn gen menm chans pou l reyalize rèv li.
- Yon peyi kote chèf respekte lalwa, enpinite kaba, koripsyon pa gen plas li.
Manm ak senpatizan
Jan nou òganize
Yon sistèm eterachik
Asosyasyon Ayiti Nou Vle A separe an 4 selil refleksyon/pwopozisyon baze sou konpetans moun ki ladan yo
Selil Kominikasyon
Pou grafis, videyograf, fotograf, espesyalis nan maketing, elt. Li responsab pwodui kontni pou asosyasyon an.
Selil Estrateji
Pou espesyalis politik, mobilizasyon, rezotaj, lobbying, elt. Li responsab estrateji global asosyasyon an ansanm ak filyal li yo.
Selil Finans
Pou fundraiser, marketer, finansye, kontab, elt. Li responsab jwenn epi jere lajan pou asosyasyon an nan yon fason transparan.
Selil Enfòmatik
Pou pwogramè, devlopè, espesyalis nan TEK, elt. Li responsab jere done pou ANVA epi sipòte lòt selil yo nan sa ki gen pou wè ak teknoloji.
Chak selil ap travay sou solisyon nan domèn pa l pou ede nou rive nan #AyitiNouVleA. Yon Selil Kòodinasyon asire lyezon ant diferan selil yo.
Yon istwa foumi
Eske nou janm pran yon ti tan pou gade kisa foumi fè lè yo jwen ou ti sik ? Yo rive ladanl rapid. Yon premye, yon dezyèm, yon twazyèm, jiskaske yon pil ak pakèt anvayi sik la.
Kòman yo rive la ? Yo pa gen Google Map pou voye adrès la bay youn lòt. Yo senpman lage yon ti sant kote yo pase ki fe youn ka suiv lòt. Foumi ki dekouvri sik la tounen lakay al pote nouvèl la. Sa k rive pi vit la, se li ki fè chimen pi kout la, lòt suiv li. Plis yo suiv li, plis sant lan fò, plis wout la klè, pi vit tout koloni foumi an rive nan sik la.
Modèl travay sa, nou pa jwenn li kay foumi sèlman. Nou jwenn li plizyè lòt kote. Nan politik. Nan biznis. Nan tout fòm òganizasyon. Se ak modèl travay sa Ayiti Nou Vle A fonksyone.
Premye foumi an te gen yon lide. Lòt yo suiv tras li, yo ranmase lide a, yo mennen yon aksyon. Nan langaj save, sa rele estigmèji. Fòm òganizasyon travay sa pèmèt yon divizyon travay pi fleksib kote pa bezwen gen yon sèl chèf ki konsantre tout pouvwa yon sèl kote, yon sistèm eterachik kote yerachi yo diferan selon kisa òganizayon an ap travay sou li.
Klike la pou aprann plis sou estigmèji, eterachi ansanm ak kijan yo ka mennen nou nan #AyitiNouVleA
Ekip teren
Rankontre yo
Lè asosyasyon an genyen pou ale sou teren, men kèk sòlda ki toujou pare pou reponn alapèl. Si n rankontre yo, pa neglije ba yo sipò nou.