Gen plizyè pwodui ki merite pwoteje. Pwoteksyon sa te ka pran fom yon endikasyon jewografik oswa yon mak teritoryal. Endikasyon jewografik la parèt mwens reyalis nan yon delè ki kout akoz sa t ap mande yon bon lwa pou kore l. Kanta pou mak yo, Ministè Komès te soti yon rapo sou pwodui tipik nou genyen yo. Sa ka yon bon komansman. Se pa sel pwodui n ap bezwen pwoteje, gen yon seri tradisyon tou ki marande ak pwodui yo ki ka merite pwoteksyon. Pou tabli mak yo, nou ka enspire tou de kek inisyativ ki pran deja nan lot peyi (sitou peyi ki plis sanble ave nou yo).
Stevens Azima tagged this with enpòtan
2019-05-22 04:18:02 -0400
Afichaj 4 reyakasyon
Siyen avèk
Facebook Twitter