Pwogram Ayiti Nou Vle A divize an kat pati:
- Yon plan global sou 3 an ki baze sou 9 tematik ak twa preyokipasyon.
- Yon sistèm enfòmatik ki pou fasilite elaborasyon politik piblik ak patisipasyon tout sitwayen konsène
- Yon medya sitwayen ki pa rete sou aktyalite men ki la pou fòme ak enfòme sou reyalite peyi a
- Yon laboratwa lide pou fè pwopozisyon, fè pledwaye epi veye sou aplikasyon plan global trant lane a.
Plan sa kòmanse tabli, nan mwa septanm 2018, a pati 13 000 tweet kote moun te itilize achtag #AyitiNouVleA pou defini kisa sa vle di yon Ayiti kote tout moun viv nan diyite. Li kontinye ak gid #LideAnvanLidè ki mennen n nan pwogram #AyitiNouVleA ki disponib nan www.ayitinouvlea.org/pwogram. Pwogram sa, dwe debouche, an 2020 sou yon plan nasyonal - ak objektif chifre - tout Ayisyen, tout Ayisyèn ka mache dèyè l.
Èske sa ede w?
Kite premye kòmantè a
Siyen avèk
Facebook Twitter