Yon endividi ka manm Ayiti Nou Vle A, menm jan tou yon òganizasyon ka manm Ayiti Nou Vle A. Oganizasyon ki vle ka menm tounen yon chapit nan Ayiti Nou Vle A, pou sa yo gen yon fòmilè pou ranpli ak dokiman pou yo siyen ki di yo pare pou respekte prensip asosyasyon an.
Chapit yo lokal. Tout kote ki gen Ayisyen oubyen Manm Ayiti Nou Vle A ka gen yon chapit. Yo òganize evènman lokal, pote pèspektiv lokal sou pwojè ak platfòm mouvman an. Yo la pou ankouraje, mobilize epi konvenk tout moun zòn yo pou yo patisipe tout bon nan politik peyi a, kòm sitwayen, kòm politisyen, kòm moun ki vle yon Ayiti kote tout moun ka viv nan diyite.
https://twitter.com/AyitiNouVleA/status/1151839551868014592?s=19
Èske sa ede w?
Kite premye kòmantè a
Siyen avèk
Facebook Twitter